Accessibility links

Breaking News

Direktè Finans Oganizasyon Trump la ta Sanble Pare pou Plede Koupab nan yon Pwosè Evazyon Enpo


Foto Achiv: Otorite La jistis akonpaye ansyen Direkte Finans Oganizasyon Trump la, Allen Weisselberg, mitan, pandan lap kite tribinal la Vandredi 12 Out nan Nouyok.
Foto Achiv: Otorite La jistis akonpaye ansyen Direkte Finans Oganizasyon Trump la, Allen Weisselberg, mitan, pandan lap kite tribinal la Vandredi 12 Out nan Nouyok.

Direktè Finans Donald Trump la sanble ta pare pou'l plede koupab osito ke Jedi nan yon pwosè evazyon enpo, dapre 3 moun ki byen ranseye sou kestyon an.

Allen Weisselberg, kap travay pou Oganizasyon Trump la depi lontan ap fè fas ak akizasyon kom kwa li pat peye taks sou benefis li te resevwa nan men konpayi a.

Yon jij fikse odisyon li pou Jedi.

3 moun ki pale ak Associated Press e ki bay enfomasyon sou ka a pat vle pou yo site non yo paske yo pat otorize pou yo pale sou ka a piblikman.

Yo di objektif odisyon an se pou Weisselberg plede koupab.

Youn nan avoka Weisselberg yo konfime misye ap negosye pa rapo ki kijan li pral plede, men li pa presize okenn detay sou yon antant potansyèl.

XS
SM
MD
LG