Accessibility links

Breaking News

Kèk Palmantè Ameriken Kle Mande Plis Detay Ak Jistifikasyon Sou Fouy Kay Trump la


FILE PHOTO: Former U.S. President Donald Trump departs Trump Tower for a deposition two days after FBI agents raided his Mar-a-Lago Palm Beach home
FILE PHOTO: Former U.S. President Donald Trump departs Trump Tower for a deposition two days after FBI agents raided his Mar-a-Lago Palm Beach home

Kèk palmantè ameriken kle mande ayè dimanch-la pou yo gade pi pre nan jistifikasyon pou fouy ke tribInal te otorize semèn pase-a nan kay ansyen prezidan Donald Trump bò lanmè nan eta Florid e nan kesyon pou konnen si li te fè dega nan sekirite nasyonal Etazini nan pati ak dokiman ki klase kòm top sekrè lè-l te kite Mezon Blanch nan koumansman ane 2021.

“Nou gen yon pakèt enkyetid, » se Depite Mike Turner, prensipal Repibliken nan Komisyon Ransèyman nan Chanm Reprezantan-an ki te pale konsa sou CNN nan pwogram Eta Inyon-an. “Youn se èske te gen jistifikasyon pou desant dè lye-a, » e Minis Jistis Merrick Garland di li te otorize-l anvan yon jij ameriken te apwouve-l.

Turner di, « Nou gen lis sa-a ki soti nan FBI, lis sa yo dekouvri lakay Trump, Mar-a-Lago, men nou pa gen prèv solid pou konnen si se vre se materyèl top sekrè. »

Trump di li te deklase-yo kòm sekrè anvan li te kite Mezon Blanch, jan li te gen dwa fè-l. Men otorite ameriken-yo di depi lè-a yo pa wè papye ki moutre ke-l te deklase kòm sekrè dokiman ke ajan FBI-yo te jwenn yo.

XS
SM
MD
LG