Accessibility links

Breaking News

Dife Pran nan yon Sant-Dacha nan yon Vil nan Siberi, Larisi. Bilan: 64 Moun Mouri


Se Ministè Ris pou Zafè Dijans ki pibliye foto sa a.
Se Ministè Ris pou Zafè Dijans ki pibliye foto sa a.

Nan Larisi, Ministè Zafè Dijans la fè konnen, nan jounen lendi 26 mas 2018 la, yon dife pran nan yon sant-dacha nan vil Kemerovo, nan Siberi, kote li touye 64 moun.

Difi sa a te kòmanse depi dimanch nan Sant Dacha Divè vil la ki genyen 4 etaj. Se nan kòmansman jounen lendi a ponpye rive touye dife a. An plis moun ki mouri yo, otorite yo fè konnen dife a blese plizyè douzèn lòt. Anpil nan viktim yo se timoun.

Pèsonn poko konnen egzatteman kisa ki te pwovoke dife a. An plis magazen ak boutik, sant-dacah a genyen ladan n tou sal sinema avèk yon ale kote moun jwe bowling.


XS
SM
MD
LG