Reyaksyon negatif sou machedlabous yo atravè lemond akoz lapèrèz envestisè yo genyen dèske kèk peyi pa ka peye dèt yo. 2 nan faktè ki eskplike lapèrèz sa a se le fèt ke yon konpayi ki la pou evalye merit kredi yon peyi, degrade kredi Lèzetazini epi, yon lòt kote, Bank Santral Ewopeyèn nan deside achte dèt peyi Litali ak Lespay.
Ozetazini, kèk jou aprè konpayi Standards and Poors te fè gwo nouvèl atravè lemond lè l te deside degrade merit kredi Lèzetazini, direktè konpayi an, John Chambers, di li menm posib pou Lèzetazini resevwa pi move kanè toujou.
Misey Chambers di:
“Si kondisyon fiskal yo deteryore plis toujou Ozetazini, oubyen si klima politik la vin pi makawon toujou, alòs sa kapab debouche sou yon lòt degradasyon.”
Depi kèk mwa deja reprezantan chak nan 2 pati politik ameriken yo (Demokrat ak Repibliken) pa sispann lonje dwèt sou lòt pou di se lòt pati a ki responsab degradasyon sitiyasyon ekonomik la.
E hinghang politik sa a kontinye menm apre konpayi Standards and Poors fin anonse li degrade merit Lèzetazini kòm yon kliyan k ap prete lajan. Dimanch 7 out 2011 la, nan pwogram Face The Nation ki pase sou chèn televizyon CBS, prensipal konseye Lamezon Blanch pou kesyon ekonomik, David Axelrod, lonje dwèt sou yon branch nan Pati Repibliken an ki rele The Tea Party.
Misye Axelrod atire atansyon sou le fèt ke kèk manm Tea Party a genyen nan Kongrè ameriken an te refize apiye okenn antant pou leve nivo dèt nasyonal la, menmsi refi sa a te kapab lakoz Lèzetazini rive nan yon pwen kote li pa t ap ka peye dèt li.
Misye Axelrod deklare:
“Y ap jwe yon jwèt danjre, y ap pran gwo risk avèk kredi Lèzetazini. An gwo, degradasyon sa a se rezilta travay mesye dam Tea Party yo. Tea Party a mennen nou tou prè bouch labim nan.”
Administrasyon Obama a akize konpayi Standards and Poors dèske li sèvi ak move chif --ak done ki gen erè ladan yo-- pou l te degrade merit kredi peyi a. Daprè Lamezon Blanch, konpayi an ajoute yon sòm 2 mil milya dola nan pwojeksyon li fè sou ogmantasyon dèt nasyonal Lèzetazini, alòske valè lajan sa a pa t dwe antre nan kalkil yo.