Accessibility links

Breaking News

Depite Stephen Scalise Twouve l nan yon Kondisyon Kritik nan yon Lopital nan Washington


Depite Repibliken Stephen Scalise, nan mitan.
Depite Repibliken Stephen Scalise, nan mitan.

Depite Repibliken Stephen Scalise, ki te pami 5 moun ki blese anba kout zam yon nonm te tire sou yo mèkredi 14 jen 2017 la tou pre Washington, twouve li nan yon eta kritik dapre sa responsab medikal nan Medstar Washington Hospital Center, yon lopital nan kapital amerikèn nan deklare. Depite Scalise ak plizyè lòt kòlèg li palmantè Repibliken te nan yon antrenman sou yon teren Bezbòl nan Alexandria lè ensidan an rive a. Ekip yo te gen pou jwe jedi kap vini la.

Prezidan Donald Trump te anonse ke sispèk la mouri nan echanj kout zam ak lapolis. Moun konnen sispèk la ki gen 66 zan sou tèt li sou non James T. Hodgkinson nan Belleville, Ilinwa, dapre ofisyèl gouvènman an.

Washington Post te rapòte Hodgkinson posede yon biznis enspeksyon lakay li. Nan mwa avril 2006 yo te arete li poutèt li te bat yon fi. Men yo pat kondane l pou zak sa a. Aktivite sou paj Facebook sispèk la montre li se yon pasyone politik ki pa renmen Prezidan Donald Trump.

Depite Repibliken Jeff Duncan pou Eta Kawolin di Sid fè konnen li te kite antrenman Bezbòl la byen bonè lè li te rankontre nonm nan yo idantifye kòm sispèk la sou non Hodgkinson lan. Misye te mande Depite Duncan " Ki ekip kap antrene la, Demokrat oswa Repibliken? Depite a te reponn pou l di Repibliken. Nonm nan te repronn, mèsi."

Prezidan Donald Trump te konfime palmantè a ki gen 51 lane twouve li nan yon kondisyon ki estab nan yon lopital nan Washington apre li te fin pran yon bal nan senti li. Mesye Trump te ajoute: " Depite Scalise se yon zanmi e yon bon patriyòt; li pral refè byen vit."

XS
SM
MD
LG