Accessibility links

Breaking News

Depatman Jistis Etazini ap Mennen Ankèt sou Inite Lapolis Nouyòk ki Travay sou Krim Seksyèl


Avoka Etazini Breon Peace pale ak lapres devan yon tribinal federal nan Brooklyn, Nouyok, Mekredi 29 Jyen 2022.
Avoka Etazini Breon Peace pale ak lapres devan yon tribinal federal nan Brooklyn, Nouyok, Mekredi 29 Jyen 2022.

Depatman Jistis Etazini ap mennen ankèt sou fason Depatman Lapolis Nouyòk la te jere viktim krim seksyèl yo apre li resevwa rapò sou defizyans ki egziste depi plis pase 10 zan.

Otorite federal yo anonse ankèt la Jedi nan yon nòt pou laprès e yo di yo pral fouye zo nan kalalou pandan ankèt sou Divizyon Viktim Espesyal la pou eseye detèmine si te gen diskriminasyon ki baze sou sèks.

Responsab Depatman Jistis la di yo pral pran kontak ak gwoup kominotè yo epi piblik la pou aprann kijan divizyon sa a te aji ak yo.

Avoka Etazini Breon Peace deklare NYPD (Depatman Lapolis Nouyòk la) deja pran mezi pou fè fas ak kè sote sa yo, sepandan otorite yo vle asire viktim krim siksyèl yo resevwa tretman ki jis nan lavni.

XS
SM
MD
LG