Depatman Deta Etazini fè konnen li pwal eksprime sa ki pa fè l plezi san menaje pawòl li sou sa ki gen rapò ak lese-frape vyolan ki fèt madi 16 pase a isit nan Washington kote sipòtè Prezidan Tirkia Recep Tayyip Erdogan te twoke kòn yo ak opozan prezidan an.
Kèk otorite ameriken kritike pwòch prezidan tirk kòmkwa se yo ki atake manifestan pasifik yo. Yo fè konnen aksyon sa a devan rezidans anbasadè Tirki la vyole pwoteksyon pou libète lapawòl nan peyi Etazini. Lapolis nan DC fè konnen yo tap tcheke rapò kote 2 sitwayen ki te jwenn arestasyon yo te pami gad lidè Tirki la, e lapolis ajoute ke lap chache lòt sispèk yo.
Anbasad Tirki a nan Washington lage vyolans la sou do gwoup ki konekte ak Pati Travayè Kirdistan an (PKK). Li fè konnen se yo ki te pwovoke sitwayen Tirk ki te reyini pou salye Mesye Erdogan.