Accessibility links

Breaking News

Anwar al-Awlaki, yon Lidè Relijye Lajistis Tap Chache Ozetazini e nan Yemèn, Mouri


Anwar al Awlaki
Anwar al Awlaki

Nan Yemèn, Depatman Defans la fè konnen Anwar al-Awlaki, yon lidè relijye radikal ki te pran nesans Ozetazini, mouri. Daprè menm sous la, Misye al-Awlaki –ki te gen bon jan rapò ak banch al-Kaida genyen nan Yemèn nan- pèdi lavi li ansanm ak kèk lòt moun otorite yo sispèk köm militan.

Depatman Defans yenemit la pa bay plis enfòmasyon sou sikonstans lanmò lidè relijye a. Sepandan, sous ki pwòch kèk tribi avèk otorite militè e lapolis fè konnen Anwar al-Awlaki tonbe byen bonè vandredi 30 septanm 2011 la nan yon atak ayeryen ki te vize yon konvwa al-Kayda ki tap deplase nan pati lès peyi Yemèn. Moun poko ka di egzatteman ki moun ki te lanse atak sa a.

Lidè relijye radikal la se yon moun lajistis tap chache ni Ozetazini ni nan Yemèn pou wòl li ta jwe nan yon seri de atak teworis –pami yo genyen yon tantativ ki te fèt pou fè yon bonm sote abò yon avyon entè-kontinantal ameriken an 2009.

Yo sispèk tou misye te sèvi kòm konseye yon nèg ki te ouvè kout zam san gade dèyè nan yon baz militè ameriken nan Eta Tegzas kote anpil moun te mouri; epitou, li ta patisipe nan konplo ki te fèt pou ansasinen yon sitwayen fransè nan Yemèn ane pase a.

Otorite ameriken yo makònen Anwar al-Awlaki ak aktivite yon branch al-Kaida ki baze nan Yemèn e kap opere nan Preskil Arabik la.

XS
SM
MD
LG