Accessibility links

Breaking News
Yon manm fos Ikrenyen yo ede yon dam travese rivye Irpin nan pandan evakyasyon vil Irpin, bo kote yon pon ki detwi pandan envazyon La Risi fe nan Ikren, Dimanch 13 Mas, 2022.
Yon manm fos Ikrenyen yo ede yon dam travese rivye Irpin nan pandan evakyasyon vil Irpin, bo kote yon pon ki detwi pandan envazyon La Risi fe nan Ikren, Dimanch 13 Mas, 2022.

Envazyon La Risi Nan Ikrèn

Men dènye devlopman yo nan agresyon militè La Risi nan Ikrèn.

Etazini Fèmen Anbasad li nan Byelorisi

Depatman Deta fèmen Anbasad Amerikèn nan Byelorisi e lap kite tout anplwaye ki pa esansyèl yo nan anbasad Etazini nan La Risi kite peyi a akoz lagè Ikrèn nan.

Sekretè Deta Antony Blinken anonse sispansyon operasyon yo nan Anbasad Etazini nan Minsk e li otorite depa anplwaye Moskou yo nan yon deklarasyon li pibliye Lendi.

"Nou pran mezi sa yo pou rezon sekirite ki gen rapo ak atak san pwovokasyon ak san jistifikasyon fos militè Ris yo fè nan Ikrèn," Blinken deklare.

La Risi Fèmen Espas Ayeryen li pou 36 Peyi

La Risi fèmen espas ayeryen li pou avyon 36 peyi - pami yo Ewopeyen ak Kanada pou reponn mezi yo te pran pou fèmen espas ayeryen pa yo pou avyon Ris yo.

Mezi a, ke ajans aviyasyon leta anonse Lendi, vini apre yon mezi Inyon Ewopeyen an ak Kanada te pran pandan wikèn nan pou anpeche avyon Ris ateri lakay yo akoz envazyon La Risi fè nan Ikrèn.

La Risi di avyon peyi sa yo ka travèse espas ayeryen Ris sèlman si yo gen pèmisyon espesyal pou fè sa.

Sakap Pase Ikrèn Lendi?
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:07 0:00

Korespondan Vwadlamerik nan vil Kyev ann Ikren ba nou kont randi sityasyon an maten Lendi 28 Fevriye a.

Lig Arab la Eksprime Kè Sote li Vizavi Lagè Ikrèn nan

CAIRE (AP) - Lig Arab la eksprime kè sote li genyen sou lagè Ikrèn nan men li pa mande yon fen nan envazyon Ris la.

Oganizasyon pan-Arab la deklare nan yon kominike Lendi li apiye tout jefo kap fèt pou rezoud kriz la "atravè diyalog ak diplomasi."

Kominike a pibliye apre yon raknot reprezantan 22 peyi manm Lig Arab la te fè nan vil Kèr ann Ejipt.

Kominike a pa site non La Risi, ki gen lyen sere ak kèk pwisans rejyonal tankou Ejipt, Emira Arab Ini ak Arabi Saoudit, pa egzanp.

Pi fo gouvènman Arab yo evite kritike envazyon La Risi fè nan Ikrèn.

Emira Arab Ini, ki gen yon syèj pwovizwa nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an te fè mèman parèyman ak La Chin epi End e li absteni (pa vote ditou) sou rezolisyon Etazini patwone a, ki te anvizaje kondane envazyon an.

Load more

XS
SM
MD
LG