Almay Apiye Lide pou Senkwonize Rezo Elektrik Inyon Ewop la ak Ikren
Almay apiye yon plan Komisyon Ewopeyen an prezante pou aktive yon pwosesis dijans pou senkwonize rezo elektrik Inyon Ewopeyen an ak pa Ikren, Minis Ekonomi Alman an Robert Habek di jounalis yo anvan yon rankont nan vil Brussels.
Minis la souliyen yon lot fwa anko pozisyon li ke Almay bezwen redwi vilnerabilite pa rapo ak sekte eneji Ris la e ke fok peyi a pare pou adopte "mezi radikal" pou fe sa.
Ikrèn Mande Yon Seselfe ak La Risi
Ikrèn mande yon seselfe san pèdi tan ak retrè twoup Ris yo lè delegasyon ni rive Lendi pou diskisyon ak la Risi. Pandansetan, Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy mande Inyon Ewopeyen an akode peyi li dwa pou'l vinn manm blok la tou swit.
Negosyasyon ant Ikrèn ak La Risi te tanmen sou frontyè Ikrèn pataje ak Belaris la, kote biwo Prezidan Zelenskyy fè konnen Ikrèn te gen kom reprezantan Minis Defans Olenskii Reznikov ak konseye prezidansyèl Mykhailo Pokolyak.
FIFA Entèdi Match Foutbòl nan La Risi
(REUTERS) - Okenn match foutbòl entènasyonal pap fèt nan La Risi e drapo ak im nasyonal Ris la ap entedi nan tout match yap jwe lòt bò dlo, responsab FIFA deklare Dimanch. FIFA se Asosyasyon Entènasyonal Federasyon Foutbòl la.
FIFA di ekip nasyonal Ris la paka patisipe nan konpetisyon antanke Ris men pito kòm Inyon Foutbòl Ris la (RFU). Li ajoute nempòt ki match yap jwe ap fèt san okenn fanatik ak sou teritwa "net" nan kad sanksyon li pran apre envazyon La Risi fè nan Ikrèn nan.
WASHINGTON (REUTERS) - Lamezonblanch Mande La Chin pou l kondane envazyon La Risi fè nan Ikren nan Dimanch, nan moman atak Moskou ap fè kont vwazen li te kontinye. Prezidan Ris la, Vladimir Putin mete fos nikleye li yo an wo eta d'alèt.
"Se pa moman pou kanpe sou kote. Se moman pou leve vwa w pou kondane zak Prezidan Putin ak La Risi poze pou anvaye yon peyi souvren," pot pawol Lamezonblanch la, Jen Psaki deklare nan yon entevyou ak rezo televizyon MSNBC.