Accessibility links

Breaking News
Yon manm fos Ikrenyen yo ede yon dam travese rivye Irpin nan pandan evakyasyon vil Irpin, bo kote yon pon ki detwi pandan envazyon La Risi fe nan Ikren, Dimanch 13 Mas, 2022.
Yon manm fos Ikrenyen yo ede yon dam travese rivye Irpin nan pandan evakyasyon vil Irpin, bo kote yon pon ki detwi pandan envazyon La Risi fe nan Ikren, Dimanch 13 Mas, 2022.

Envazyon La Risi Nan Ikrèn

Men dènye devlopman yo nan agresyon militè La Risi nan Ikrèn.

Konseye Etazini ak La Chin pral Rankontre nan Moman Tansyon yo Ogmante Poutèt Envazyon Ris nan Ikrèn


WASHINGTON (AP) - Lèzetazini ak La Chin ap voye konseye wo plase nan vil Wòm ann Itali Lendi, nan moman tansyon ant 2 peyi yo ogmante akòz envazyon La Risi fè nan Ikrèn nan epi kè sote dèske konfli a ka vinn pi grav toujou.

Yon responsab Ameriken ki pale sou kondisyon yo pa site non li di La Risi mande La Chin ekipman militè pou ede'l nan kanpay twoup li yo ap mennen nan Ikrèn.

Anvan chita tande a, konseye Lamezonblanch sou kestyon ki gen rapò ak Sekirite Nasyonal, Jake Sullivan, te lanse yon pinga bay La Chin pou l evite pinisyon ki pral tonbe sou li si li ede La Risi eskive pinisyon sanksyon entènasyonal ki frape seryezman ekonomi Ris la.

Sullivan di Etazini "pap kite sa fèt." Responsab Ameriken yo akize La Chin tou dèske lap pwopaje dezenfòmasyon Ris.

Angletè di Fòs Naval Ris yo Bloke Kòt Ikrèn ki bay sou Lanmè Nwa a

Ministè Defans Britanik la deklare Dimanch ke fòs naval Ris yo bloke de lwen kòt Ikrèn ki bay sou Lanmè Nwa a. Mezi sa a izole Ikrèn ak komès entènasyonal maritim li konn fè.

Fòs naval Ris yo kontinye ap lanse atak ak misil kont sib andedan Ikrèn dapre ministè a. Enfòmasyon sa a baze sou ransèyman Britanik e ministè a pibliye'l sou kont ofisyèl Twitter li.

Videyo yon Jounalis AP Filme nan Mariupol, Ikrèn sou Atak La Risi kont yon Bilding ki gen Apatman
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:16 0:00

MARIUPOL (AP) - Videyo yon jounalis Associated Press anrejistre montre tank Ris ap tire sou yon seri bilding ki gen apatman nan vil Mariupol ki anba syej.

Videyo a montre eksplozyon bo kote bilding ki te deja andomaje anpil, epi balkon moun ki pran dife. Li montre tou yon tank ki gen yon gwo Z sou li ap detwi otobis anvan li voye yon obi anvan solda Ikrenyen yo detwi'l.

Li pat posib pou detemine si pozisyon Ris yo te sibi kout zam anvan yo te komanse tire.

Jounalis la, te akonpaye yon gwoup travaye medikal te fe fas ak kout zam. Videyo li montre yon travaye medikal ki rele Anastasia Erashova kap kriye, apre yon bal pran li nan hanch. Youn nan timoun ni yo mouri nan yon atak ak obi. Erashova te chita pou'l kriye pandan li te kenbe yon pitit ki tap domi.

"Nou te vinn kay fre mwen ansanm," li esplike. "Medam yo ak timoun yo te kouri nan sousol la le atak ak obi a te frape bilding nan. Nou te bloke anba te e 2 timoun te mouri. Pesonn pat la pou sove yo."

Pandan li te kontinye kriye li te ajoute "Mwen pa konn ki kote pou'm ale. Kiyes ki pral pote timoun nou yo tounen? Kiyes?"

Direkte Adjwen Aeroflot Kouri Kite La Risi

MOSKOU (AP) - Direkte adjwen konpayi ayeryen Ris Aeroflot demisyonen epi pati kite peyi a.

Andrei Panov, direkte adjwen Aeroflot ki responsab pou maketing, ekri sou paj Facebook li Samdi ke "ansyen lavi a fini."

Pi bone mwa sa a, media Ris yo te raponte direkte Aeroflot la, Mikhail Poluboyarinov te kite peyi a tou. Aeroflot demanti nouvel sa a.

Sanksyon oksidantal yo frape Aeroflot di. L'Oksidan pran mezi sa yo pou pini La Risi pou envazyon ni nan Ikren. ALye oksidantal yo entedi avyon Aeroflot yo travese antre nan espas ayeryen yo epi entedi livrezon pyes rechanj ak pwovizyon - e sa afekte konpayi an. Aeroflot reponn sanksyon yo ak yon rediksyon nan vol li nan peyi etranje.

Load more

XS
SM
MD
LG