Accessibility links

Breaking News
Yon manm fos Ikrenyen yo ede yon dam travese rivye Irpin nan pandan evakyasyon vil Irpin, bo kote yon pon ki detwi pandan envazyon La Risi fe nan Ikren, Dimanch 13 Mas, 2022.
Yon manm fos Ikrenyen yo ede yon dam travese rivye Irpin nan pandan evakyasyon vil Irpin, bo kote yon pon ki detwi pandan envazyon La Risi fe nan Ikren, Dimanch 13 Mas, 2022.

Envazyon La Risi Nan Ikrèn

Men dènye devlopman yo nan agresyon militè La Risi nan Ikrèn.

Angletè Pral Akeyi Lidè Balt, Nò rdik Pou Chache Mwayen pou Izole La Risi

LOND (REUTERS) - Premye Minis Britanik la, Boris Johnson, pral akeyi lidè peyi ki sitye o nò dwès La Risi semèn pwochèn pou diskite sou kijan yo ka reponn envazyon Prezidan Vladimir Putin fè nan Ikrèn nan epi chache nouvo mwayen pou izole ekonomi Ris la.

Lidè peyi ki fè pati Fò s Konjwen Ekspedisyonè a, yon gwoup Grand Bretay dirije ki gen ladann Dannmark, Estoni, Fenland, Island, Letoni, Lityani, Peyi Ba, Nò vej ak La Swèd, pal rankontre nan Lond Madi.

Lidè yo ta sipoze antann yo sou egzèsis militè nan Atlantik No a ak Lanmè Baltik la epi diskite sou lagè Ikrèn nan ak enèji, biwo Johnson fè konnen.

Ikrèn di 7 Moun Mouri, Pami yo yon Timoun Apre La Risi Tire sou yon Konvwa Evaksyasyon


LVIV (REUTERS) - Sèvis ransèyman Ikrèn nan akize La Risi Samdi, dèske li tire sou yon konvwa ki tap evakye fanm ak timoun soti nan vilaj Peremoha nan zon Kyèv. Gen 7 moun ki mouri pami yo, yon timoun.

Sèvis la, ki fè pati ministè defans la - te di nan komansman konvwa a te kite vilaj la nan yon "korido vèt" ke La Risi ak Ikrèn te antann yo pou kreye.

Men yon deklarasyon ki pibliye ta Samdi deklare se pa konsa sa te pase - e ke konvwa a te kite vilaj la poukont li.

Reuters pat jwenn mwayen pou'l verifye nouvèl sa a e La Risi poko fè okenn komantè non plis.

Etazini ap Voye $200 Milyon Zam bay Ikrèn


WASHINGTON (REUTERS) - Etazini deklare Samdi li pral kouri vit voye yon lot $200 milyon zam, sistèm defans anti tank ak anti-avyon bay Ikrèn. Responsab Ikrenyen yo lanse apèl pou di yo bezwen plis ekipman pou defann tèt yo kont fos Ris yo ki kontinye atake.

Prezidan Joe Biden otorize Samdi asistans sekirite adisyonèl la, dapre Lamezonblanch, ki pare chimen an pou yo voye "tou swit" ekipman militè bay Ikrèn, yon responsab wo plase administrasyon an fè konnen.


Samdi 12 Mas, 2022

Reprezantan Konsey Sekirite Nasyonzini vote sou yon rezolisyon ki anvizaje kondane La Risi pou envazyon Ikren nan, Vandredi 25 Fevriye 2022.
Reprezantan Konsey Sekirite Nasyonzini vote sou yon rezolisyon ki anvizaje kondane La Risi pou envazyon Ikren nan, Vandredi 25 Fevriye 2022.


Konsèy Sekirite LONU Pral Rankontre Vandredi Sou Demann La Risi

NASYONZINI (REUTERS) - Konsèy Sekirite Nasyonzini pral rankontre Vandredi sou demann La Risi, dapre diplomat yo pou diskite sou deklarasyon Moskou fè pou di kom kwa - san li pa prezante okenn prèv - ke gen aktivite biyolojik Ameriken kap dewoule nan Ikrèn.

Etazini voye jete deklarasyon ris la kom "komedi" e li lanse avètisman pou di li posib Moskou pare pou'l sèvi ak zam chimik oubyen biyolojik.

Load more

XS
SM
MD
LG