Kyèv Konfime Delegasyon li Pral Rankontre Otorite Ris yo
KYEV (AP) - Biwo prezidans la konfime yon delegasyon pral rankontre responsab Ris yo nan momtan twoup Moskou yo ap pwoche pi pre vil Kyèv.
Biwo Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky deklare Dimanch sou app ki rele Telegram nan ke 2 pati yo pral rankontre yon kote li pa presize sou frontye Belaris la e li pat bay yon lè non plis.
Nouvèl sou rankont la vini yon ti tan apre Prezidan Ris la, Vladimir Putin te pase lod pou fos nikleyè Ris yo antre nan eta d'alèt maksimom pou reponn sa li dekri tankou "deklrasyon agresiv" gwo pwisans LOTAN yo fè.
La Grès Voye Zam ak Asistans Imanitè Bay Ikrèn
ATEN (AP) - Otorite La Grès fè konnen yap voye minisyon, fizi d'atak ak aparèy pou lanse misil bay Ikrèn pou reponn yon demann gouvènman Ikrenyen an fè.
Asistans militè a deside pandan yon rankont Dimanch maten ant Premye Minis Kyriakos Mitsotakis ak wo responsab defans peyi a.
Yon avyon C-130 ki chaje ak ekipman rive Polòy, e yon dezyèm pral rive pi ta, yon responsab Ministè Defans la anonse.
Gen 2 lòt avyon kap transpòte asistans imanitè tankou kouvèti lèn ak manje ki kite Ayewopò Entènasyonal Atèn nan pou Polòy, yon pòt pawòl fè konnen.
Putin Mete Fòs Nikleyè li yo Ann Eta d'Alèt Nan Moman Tansyon yo ap Ogmante
KYEV (AP) - Prezidan Ris la Vladimir Putin mete fòs militè li yo ann eta d'alèt pou yon atak nikleyè nan moman gen tansyon ant peyi sa a ak l'Oksidan poutet envazyon Ikrèn nan.
Lòd sa a vle di Putin vle pou zam nikleyè La Risi yo pare pou lansman epi ogmante kè sote peyi yo genyen pou envazyon Moskou a ak repons l'Oksidan pa vinn dejenere nan yon lagè nikleyè.
Lè li pase lòd sa a, lidè Ris la site sa li rele "deklarasyon agresiv" pwisans L'OTAN yo ansanm ak l'Oksidan fè epi sanksyon finansye yo ki frape di.
Pantagon nan demanti nouvel ki di kom kwa dron Etazini ap ede lame Ikrenyen nan defann tet li kont Lame Ris la. Se sa korespondan Vwadlamerik sou zafe sekirite nasyonal, Jeff Seldin fe konnen sou Twitter.