Accessibility links

Breaking News
Yon manm fos Ikrenyen yo ede yon dam travese rivye Irpin nan pandan evakyasyon vil Irpin, bo kote yon pon ki detwi pandan envazyon La Risi fe nan Ikren, Dimanch 13 Mas, 2022.
Yon manm fos Ikrenyen yo ede yon dam travese rivye Irpin nan pandan evakyasyon vil Irpin, bo kote yon pon ki detwi pandan envazyon La Risi fe nan Ikren, Dimanch 13 Mas, 2022.

Envazyon La Risi Nan Ikrèn

Men dènye devlopman yo nan agresyon militè La Risi nan Ikrèn.

Chanselye Alman Olaf Scholz nan Berlin, Almay, Samdi 26 Fevriye, 2022.
Chanselye Alman Olaf Scholz nan Berlin, Almay, Samdi 26 Fevriye, 2022.

BERLIN - Nan yon gwo chanjman politik, gouvenman Alman an deklare Samdi li pral voye zam ak lòt pwovizyon dirèkteman bay Ikrèn e li apiye lide pou yo mete restriksyon sou aksè La Risi genyen ak sistem bankè global SWIFT la.

Chanselri Almay la anonse li pral voye 1,000 zan anti-tank ak 500 misil sòl-er "Stinger" bay Ikren "pi vit posib".

"Envazyon La Risi fe nan Ikren nan chanje tout bagay. Li menase lòd nan mond lan apre lagè a (Dezyem Gè Mondyal la)," Chanselye Alman Olaf Scholz deklare. "Nan sityasyon sa a nou gen obligasyon pou'n ede Ikrèn jan nou kapab pou'l defann tèt li kont lame anvayisè Vladimir Putin nan.

Met sou sa, minis ekonomi ak anviwonman Alman yo di peyi a pral kite Peyi Ba ekspedye 400 zam anti-tank ki fabrike ann Almay bay Ikrèn.

Foto sa a ke Biwo Prezidans Ikrenyen an pibliye montre Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky kap p ale ak pep la sou telefon entelijan li anba lavil Kyev, Ikren, Samsi 25 Fevriye 2022.
Foto sa a ke Biwo Prezidans Ikrenyen an pibliye montre Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky kap p ale ak pep la sou telefon entelijan li anba lavil Kyev, Ikren, Samsi 25 Fevriye 2022.


KYEV - Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky di li ouvè a yon chita pale ak La Risi.

Zelensky dinan yon mesaj videyo Samdi ke Prezidan La Tiki, Recep Tayyip Erdogan ak Prezidan Azerbaijan an Ilham Aliyev ofri pou ede'l oganize yon rankont konsa. Li ajoute ke "nou ta akeyi sa."

Zelensky di limenm ak Erdogan "dako ke yon entèdiksyon sou pasaj bato Ris yo nan Lanmè Nwa a trèz enpotan jodia," e li ajoute ke "si sa fèt." La Tiki sepandan, poko anonse okenn entèdiksyon kont bato lagè Ris yo ki ta anpeche yo travèse lanmè Tik apre diskisyon ak Zelensky a.

Washington Taka Sanksyone Bank Santral La Risi

WASHINGTON (AP) - Etazini ap egzamine posibilite pou'l ta sanksyone Bank Santral La Risi, yon mezi ki vize plis pase $600 mila lajan rezev Kremlen an genyen a la dispozisyon ni, dapre 2 responsab administrasyon an ki te pale sou kondisyon pou yo pa site non yo.

Lamezonblanch poko pran yon desizyon final sou mezi a responsab yo di. Mezi a takapab gen gwo konsekans ekonomik pou La Risi men tou ekonomi global la.

Lamezonblanch derefize fe komante sou nouvel sa a.

Sekrete Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres.
Sekrete Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres.



LONU Pwomèt Prezidan Ikrèn Plis Asistans Imanitè

NOUYOK (AP) - Sekrete-Jeneral Nasyonzini Antonio Guterres di Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky nan yon konvèsasyon telefon Samdi ke Nasyonzini detèmine pou'l ogmante asistans imanitè li pou pèp Ikrèn nan.

Guterres di li pral lanse yoon apèl Madi pou finanse operasyon imanitè LONU nan peyi sa a kap fè fas ak dega konfli militè, pot pawol Nasyonzini fè konnen.

Load more

XS
SM
MD
LG