Accessibility links

Breaking News

Demokrat Sheila Cherfilus-McCormick Prete Seman Kòm Nouvo Manm La Chanm


Lide la Chanm Nancy Pelosi prezide seremoni prestasyon seman nouvo Depite eta Florid Sheila Cherfilus-McCormick, yon Demokrat, nan Washington, Madi 18 Janvye, 2022.
Lide la Chanm Nancy Pelosi prezide seremoni prestasyon seman nouvo Depite eta Florid Sheila Cherfilus-McCormick, yon Demokrat, nan Washington, Madi 18 Janvye, 2022.

Depite Demokrat Sheila Cherfilus-McCormick prete sèman kom nouvo manm La Chanm dè Reprezantan Madi. Depite a, ki se yon Ayisyèn Amerikèn ap ranplase Alcee Hastings, ki te mouri nan mwad Avril 2021 ak yon kansè nan pankreyas.

Prezans li ogmante majorite Demokrat yo genyen nan La Chanm a 222-212. Savledi Lidè La Chanm nan, Demokrat Nancy Pelosi pa ka gen plis pase 4 defeksyon pami Demokrat yo si li vle apwouve pwojè lwa ki sou ajanda li. Pandan pi fò ane 2021 an, maj la sete 3 defeksyon.

Cherfilus-McCormick reprezante yon distri Demokrat. Li te ranpòte nan yon eleksyon kote li te mande pou pi fò granmoun yo gen yon salè garanti $1000 pa mwa. Li mande tou yon ogmantasyon nan salè minimom nan a $20 chak èdtan, epi pou kite tout Ameriken patisipe nan Medicare - yon sistèm swen sante federal.

Depite Mario Diaz-Balart, yon Repibliken ki reprezante eta Florid nan Kongrè a te chante lwanj nouvo kolèg li a apre li te prete sèman. Misye di palmantè yo nan la Chanm ke li pral reprezante yon distri ki gen anpil divèsite (moun tout ras) ladann. Misye Diaz-Balart fè remake Madan Cherfilus-McCormick te komanse travay an 1999 nan Trinity Healthcare Services, yon oganizasyon ki swaye moun lakay yo epi evantyèlman li te vinn direktris konpayi a.

"Li se yon moun ki te elve yon pitit poukont li e li se yon bèl egzanp rèv Ameriken an epi li reprezante aspirasyon anpil moun nan Sid Florid," Diaz-Balart deklare. Misye se yon Kiben Ameriken.

Cherfilus-McCormick bò kote pa li di manm La Chanm dè Reprezantan ke li se pitit imigran Ayisyen ki te riske lavi yo pou yo vinn Ozetazini.

"Mwen vle remèsye kòlèg mwen yo ki te goumen pou mwen menm anvan mwen te pran nesans pou asire ke imigran gen yon plas ke yo sere pou yo nan peyi sa a, kote yo ka viv rèv Ameriken an," li deklare.

Cherfilus-McCormick te eseye san siksè pou'l ranplase Hastings nan eleksyon primè ane 2018 ak 2020 yo. Gen 5 fwa plis Demokrat pase Repibliken nan distri li a, ki gen ladann kèk pati awondisman Broward ak Palm Beach. Li te ranpòte eleksyon espesyal pou syèj Hastings la alèz semèn pase a men primè a te yon lòt istwa. Li te ranpòte primè a ak yon maj 5 vwa sèlman sou konpetitè li a nan yon kous ki te chache ak kandida Demokrat.

Li prete kanpay li $6 milyon, epi re-peye tèt li $2 milyon. Li depanse plis lajan pase tout lòt kandida yo nan 2 eleksyon yo.

Madan Cherfilus-McCormick marye e li gen 2 pitit.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG