Accessibility links

Breaking News

Delege Gouvènman an ak Delege Rebèl Soudan Sid Yo Eksprime Espwa Yo Pral Jwenn Yon Solisyon Nan Konfli kap ravaje peyi a


South Sudan areas of conflict and areas that are rebel-held
South Sudan areas of conflict and areas that are rebel-held
Delege rebèl Soudan Sid yo ak delege gouvènman an rankontre nan kad negosyasyon kap dewoule pou mete fen nan vyolans kap dewoule depi plis ke 3 semèn nan pi jèn peyi ki genyen sou planèt la.

2 kan yo, kap negosye nan vil Addis-Abeba, mete yo dakò sou yon ajenda kote yo pral chèche jwenn yon seselfeu epi deside sou sò 11 prevni gouvènman an fèmen nan prizon. Negosasyon yo te genyen difikilte pou demare, men reprezantan gouvènman an ak reprezantan rebèl yo di yo genyen espwa yo va rive jwenn yon solisyon pou kriz la.

Vyolans lan deja pran lavi plis ke yon milye moun e pouse plis pase 200.000 mil moun kraze-rak, abandonnen bouk ak vilaj yo pou y al pran refij lòt kote.
XS
SM
MD
LG