Accessibility links

Breaking News

Deba yo ap Kontinye Ozetazini Sou Dèt Nasyonal Peyi a


Deba yo ap Kontinye Ozetazini Sou Dèt Nasyonal Peyi a
Deba yo ap Kontinye Ozetazini Sou Dèt Nasyonal Peyi a

La mezon blanch ak chanm repibliken an pa rive antann yo sou diferan pwojè pou ogmante plafon dèt Etazini an yon semèn anvan tan limit 2 out k ap vini an.

Lidè repibliken yo te ranvwaye yon vòt chanm dè reprezantan an te gen pou l fè sou plan yo a jiska omwen jedi 28 jiyè 2011 la apre li te dekouvri ke pwojè lwa a pat gen ladann nivo koupu bidjè li te pwomèt la.

Ensètitid sa a k ap kontinye lakoz mache dela bouss Etazini an ap degringole. Pandansetan, Chèf kabiné La Mezon Blanch la, William Daley di li gen konfyans Etazini pa pral tonbe nan pozisyon pou l paka peye dèt li.

XS
SM
MD
LG