Nan yon seremoni ofisyèl gradyasyon militè, Ortega te deklare "Lachin vin tounen yon pwisans, kote yo te abòde povrete, grangou, devlope ekonomi yo, epi jwenn siksè nan domèn syans ak teknoloji. (...). Nan kèk ane ankò, se yo ki ap pi gwo ekonomi mondyal la."
Nikaragwa te tabli relasyon ak Peken pandan premye gouvènman Sandinis la (1979-1990), men gouvènman Violeta Chamorro (1990-1997) te koupe relasyon yo , e yo t al jwenn Taywann.
Nikaragwa te koupe relasyon diplomatik li ak Taywann nan moman kote Etazini kontinye pran plizyè sanksyon kont prezidan Daniel Ortega, ki sot re-eli nan eleksyon novanm yo pou yon katriyèm manda youn dèyè lòt apre li te mete nan prizon prensipal advèsè politik li yo .
Pandan Lachin ak Lèzetazini ap travèse yon peryòd gwo tansyon, Washington reyaji sou ripti sa lè l mande pou tout peyi demokratik "ogmante relasyon yo ak Taywann".
Pezidan Nikaragwa a ajoute : "Yo komèt yon aksyon ridikil lè yo sanksyone Lachin epi yo panse ke yo pral kanpe kwasans li tankou yo fè ak Larisi e anpil lòt peyi nan lemond “.
Pezidan Nikaragwa deklare ke."Yo ap komèt on pakèt zak ridikil kote yo sanksyone Lachin epi yo panse ke yo pral sispann kwasans lakay yo."