Accessibility links

Breaking News

Dalai Lama ap Pare l Pou l Bay Demisyon n Kòm Lidè Politik


Dalai Lama
Dalai Lama

Dalai Lama a –ki se lidè spirityèl Tibè-- fè konnen li prè pou bay demisyon n kòm yon responsab politik epi remèt responsablite ki makònen ak wòl sa a nan men nouvo lidè eli gouvènman tibeten ki ann egzil la.

Lidè spirityèl la (ke Tibeten yo respèkte anpil-anpil) fè anons sa a jedi 10 mas 2011, nan yon diskou li pwononse nan vil Dharm-sala, nan peyi Lend, nan yon seremoni ki dewoule pou make anivèsè yon mouvman leve-kanpe tebeten yo te lanse an 1959 kont okipasyon chinwaz nan Tibè.

XS
SM
MD
LG