WASHINGTON, DC —
La Mezon Blanch fè konnen, nan kòmansman jounen mèkredi 10 janvye 2018 la, li konsidere kòm yon eskandal lòd yon jij federal ameriken pase pou l mande Prezidan Donald Trump pa deranje yon pwogram ki pwoteje kont depòtasyon plizyè santèn milye jenn moun ki te antre ilegalman Ozetazini ak paran yo pandan yo te piti toujou.
Pòtpawòl Mezon Blanch la, Sarah Sanders, di yon dosye ki gen yon gwo enpòtans konsa se yon bagay ki ta dwe pase atravè yon pwosesis lejislatif nòmal.