Accessibility links

Breaking News

Deba Kontinye nan Kongrè Ameriken an pou Evite Gouvènman an Fèmen Anvan Lontan

Sen. Lindsey Graham, (R-S.C.), ki tap pale nan jounen 16 janvye 2018 la nan yon konferans pou laprès nan Washaington, DC, kote li lanse apèl bay Predin Donald Trump pou mande l siyen yon antant ak Kongrè a pou rezou pwoblèm jennn imigran yo (DACA). (Foto: Dosye).

Nan Kongrè ameriken an nan Washington, pandan depite ak senatè kontinye diskite sou yon deklasoyon deplase Prezidan Trump ta fè sou Ayiti ak peyi afriken yo, yo eseye, nan jounen madi 16 janvye 2018la, sove yon antant tou 2 pati yo preske jwenn 3 jou anvan yon fèmti pasyèl posib gouvènman federal la.

Pandan Senatè Lindsay Graham (R. - S.C.) te pran lapawòl devan Komisyon Afè Jiridik la, li deklare, nan yon apèl pou Prezidan Trump:

“ Misye Prezidan, aksepte akò sa a. Pa bay moun nimewo telefòn mwen, men rele mwen. “

Se yon fason pou Senatè Graham fè referans ak yon ensidan ki te dewoule pandan kanpay elektoral ane 2016 la, kote kandida Donald Trump te bay nimewo telefòn senatè a pa aksidan.

Moun te deja kòmanse pèdi espwa pou Kongrè a ak La Mezon Blanch rive jwenn yon antant sou kesyon imigrasyon an nan kad yon akò sou yon ekstansyon ki ta pèmèt gouvènman an kontinye fonksyone, lè, sanzatann, Prezidan Trump te swadizan itilize kèk pawòl vilgè semèn pase a lè l tap mande ki nesesite Lèzetazini genyen pou l aksepte imigran ki sòti ann Ayiti ak peyi afriken yo.

DACA, Sekirite Fwontyè, Refòm

Manfestan ki tap manifeste devan biwo senatè Dianne Feinstein (D-CA) nan Los Angeles, pou yo mande lidè Pati Demokrat la pwoteje jenn imigran ki te antre san paye Ozetazini pandan yo te piti avèk paran yo (Foto: Dosye).

Antant pwopoze a se rezilta travay an tèt ansanm manm tou 2 pati yo nan Kongrè a (Demokrat kou Repibliken) depi nan fen ane 2017 la. Antant sa a ta pote yon solisyon pou sitaioeyn plizyè milye jenn imiurgan san papye legal ki te antre Ozetaini pandan yo te piti.

Yon lwa ki rele an abreje anglè DACA e ki te antre an aplikasyon sou administrasyon Prezidan Obama a, pwoteje jenn imigran sa yo kont depòtasyon; men Prezidan Trump te pran desizyon ane pase a pou l anile li. Daprè nouvèl yo, antant ke manm Kongrè te rive negosye a genyen ladan n tou dispozsiyon legalpou ranfòse sekirete sofwomntyè yo epipote refòm nan im,igrasyon legal Ozetazini. Pwoteskyon DACA bay la ap rive nan bout li nan mwa mas 2018 la, eksepte si Kongrè a adopte yon lwa pou pote yon solisyon definitif pou pwoblèm jenn imigran yo.

XS
SM
MD
LG