Accessibility links

Breaking News

Dè Milye Moun Resevwa Lòd pou Kite Zòn Kalifoni Kote Gwo Dife ap Boule


Flanm ansekle yon chez andedan yon kay nan kad gwo dife Oak Fire la nan awondisman Mariposa nan eta Kalifoni, Samdi 23 Jiye, 2022.
Flanm ansekle yon chez andedan yon kay nan kad gwo dife Oak Fire la nan awondisman Mariposa nan eta Kalifoni, Samdi 23 Jiye, 2022.

Otorite yon pase lòd bay dè milye moun pou yo evake yon zòn tou pre Pak Nasyonal Yosemite a nan eta Kalifoni, akoz yon kokenn chenn dife ki pran nan zòn nan.

Responsab ponpye Kalifoni yo di dife Oak Fire la tanmen Vandredi apremidi o sidwès pak la tou pre yon vil ki rele Midpines.

Yon pòt pawòl forè Sierra Nasyonal la di yo pase lòd bay moun pou yo evakye Samdi e ke li efektiv pou plis pase 6,000 moun kap viv nan rejyon sa a ki se yon zon riral kote pa gen anpil abitan.

Ponpye yo di dife'a "eksplozif" e ke sityasyon an vinn pi grav akoz chalè ak sechrès ki genyen nan rejyon sa a.

XS
SM
MD
LG