Accessibility links

Breaking News

Itilizasyon Danre Agrikòl pou Fabrike Pwodwi Enèjetik Tankou Etanòl


Itilizasyon Danre Agrikòl pou Fabrike Pwodwi Enèjetik Tankou Etanòl
Itilizasyon Danre Agrikòl pou Fabrike Pwodwi Enèjetik Tankou Etanòl

Pri manje k ap ogmante --oubyen menm ki prèske bat yon rekò-- pral nan sant kalandriye diskisyon yo nan rankont minis agrikilti peyi gwoup G-20 yo pral fè pou la premyè fwa nan vil Pari.

Kritik yo fè konnen youn nan faktè ki pwovoke ogmantasyon pri manje yo, se itilizasyon danre agrikòl pou fabrike pwodwi enèjetik tankou etanòl. Nan yon deklarasyon minis agrikilti Lèzetazini an, Tom Vilsack, fè lendi 13 jen 2011 la, li di endistri etanòl ameriken an pa jwe yon twò gwo wòl nan ogmantasyon pri manje tankou kèk group ak kleronnen sa a. Daprè misye Vilsack, etanòl (mayi trete) pa dwe sèvi kòm yon pretèks pou ogmantasyon pri manje.

Kritik yo di Ozetazini yo transfòme 40% mayi moun plante pou pwodui etanòl. Analis politik Marie Brill, ki fè pati gwoup Action Aid, poze kesyon pou l mande si agrikiltè yo twouve yo anba presyon pou yo alimante mache mondyal la, an menm tan ke y ap pwodwi etanòl pou machin fonksyone, presyon ki pa sispann ogmante nan moman klima a ap chanje.

Minis Tom Vilsack pa panse sa. Okontrè, li di dènye fwa pwodwi enèjetik yo te jwe yon wòl nan ogmantasyon pri manje yo, se te an 2007 ak 2008 ; e menm lè sa a, sete sèlman yon ogmantasyon 10 pousan. Daprè li toujou, gen plizyè fason ameriken yo jwenn benefis nan kwasans edistri enèjetik agrikòl la : Li kreye travay e li ofri opòtinite ekonomik nan seksyon kominal yo kote nivo povrete a ak to chomaj la elve. Pou misye Vilsack, melanj etanòl ak gazolin fè pri chak lit koute 20 pou 100 mwen chè.

Kritik yo ale pi lwen pou yo di endistri pwodui enèjetik agrikòl la abitye resevwa yon asistans 6 milya dola Ozetazini. Sa pa gen lontan, sena a ameriken an vote pou l elimine asistans sa a. Daprè ActionAid, moun ki envesti nan endustri enèji agrikòl la Ozetazini aksepte lide ki fè konprann yo kapab fonksyone san pwoblèm, menm si yo pa ta jwenn asistans gouvènman federal la. Gen obsèvatè ki fè konnen otorite ameriken konsène yo pa ta dwe koupe apui endistri a ap resevwa, toutotan yo pa devlope yon laltènativ ki merite konfyans. Minis Vilsack di li ta renmen fon ki la pou envestisman an sèvi pito pou apiye pwodiksyon ponp ak machin ki pi efikas e ki sèvi ak etanòl.

XS
SM
MD
LG