Accessibility links

Breaking News

CNN ak Tea Party a Òganize Deba pou Kandida Repiklen yo nan Florid


Kandida a laprezidans pati repibliken an Gouvènè Mitt Romney a goch ak Gouvènè Rick Perry a dwat nan deba CNN/Tea Party a nan sware 12 septanm 2011 la
Kandida a laprezidans pati repibliken an Gouvènè Mitt Romney a goch ak Gouvènè Rick Perry a dwat nan deba CNN/Tea Party a nan sware 12 septanm 2011 la

Kandida prezidansyèl k ap chache jwenn nominasyon pati repibliken an fè deba lendi swa 12 septanm nan pou yon 2èm fwa nan yon semèn sou pwogram sosyal, imigrasyon ak gè nan Afganistan an nan moman primè pou eleksyon 2012 yo ap vale teren isit Ozetazini.

Deba Chèn televizyon amerikèn pakab CNN ak Tea Party a te patwone a te dewoule nan Eta Florid kote kesyon t ap soti pami elektè konsèvatè ki te nan sal la . Kesyon te soti nan plizyè lòt eta gras ak entènèt.

Kandida ki devan yo --an palan de Rick Perry ak Mitt Romney te rapidman antre nan yon afwontman sou kesyon sistèm pansyon leta a yo rele “Social Security “ . Ansyen gouvènè eta Massachusetts la, Mitt Romeney, te fè presyon sou gouvènè eta Texas la --gouvènè Perry -- pou l di klè si wi ou non li toujou kwè, tankou li ekri l nan yon liv, “Social Security a “ enkonstitisyonèl”. Sou kesyon gè nan Afganistan an, kandida yo sanble yo dakò pou Etazini ta retire twoup li yo lòt bò a nan kad tranzisyon pou pase sekirite Afganistan bay twoup afgan yo.

Deba lendi swa a dewoule apre piblikasyon dènye sondaj dopinyon ki konfime gouvènè eta Tegzas la, Rick Perry, kòm kandida prefere elektè endepandan yo. Sondaj CNN ak ORC International pibliye lendi 12 septanm nan bay Rick Rick Perry 30% apwobasyon alòske ansyen gouvènè eta Massachussetts Mitt Romney resevwa 18%.

XS
SM
MD
LG