Accessibility links

Breaking News

Sondaj Aprè Konvansyon Demokrat la Ozetazini: Hillary Clinton ap Mennen 46% kont 39% pou Donald Trump


Donald Trump (agoch); epi Hillary Clinton.
Donald Trump (agoch); epi Hillary Clinton.
Hillary Clinton, Kandida a la prezidans pati demokrat la.
Hillary Clinton, Kandida a la prezidans pati demokrat la.

Kèk sondaj politik ki fèt Ozetazini montre kandida a la prezidans pati demokrat la, Hillary Clinton, repran avantaj li te genyen sou rival repibliken li a, Donald Trump, aprè konvansyon pati demokrat la te òganize semèn pase a. Nan okazyon sa a, Madanm Clinton ak kèk lòt oratè te atake konpetans kandida repibliken an pou l dirije Lezetazini.

Kandida a la prezidans pati repibliken an, Donald Trump.
Kandida a la prezidans pati repibliken an, Donald Trump.

Donald Trump, yon gwo chabrak nan domèn imobilye a kap chache okipe La Mezon Banch pou la premyè fwa, te benefisye yon avans menm jan an nan sondaj yo aprè konvansyon pati repibliken an sa gen 2 semèn, akoz provokasyon kan repibliken an te lanse kont madan Clinton. Sepandan, apre 2 konvansyon yo fin antre nan listwa, estasyon televizyon CBS fè konnen ansyen Sekretè Deta a gen 46 pou san entansyon vòt yo kont 39 pou san pou Donald Trump; swa preske menm avans kandida repibliken an te genyen nan mitan mwa jen an. Sondaj CBS te fè apre msye Trump te fin aksepte nominasyon pati repibliken an sa gen plis pase yon semèn, te montre 2 kandida yo egal-ego.

Toujou sou Kanpay Prezidansyèl la Ozetazini:

Kandida pou plas vis prezidan pati repibliken an, Gouvènè Mike Pence (R-Ind).
Kandida pou plas vis prezidan pati repibliken an, Gouvènè Mike Pence (R-Ind).

Kandida repibliken pou plas Vis Prezidan an, Mike Pence, deklare li menm ak Donald Trump panse yon sòlda ameriken -kaptenn Hujmayun Khan ki te gen orijin mizilman e ki te mouri nan Irak an 2004-- se yon ewo nan je yo e tout ameriken dwe cheri fanmi moun konsa. Misye Pence fè deklarasyon an byen ta dimanch 31 juiyè 2016 la apre Donald Trump te resevwa anpil kritik pou jan li te reyaji aprè papa ak manman kaptenn nan te pran lapawòl nan konvansyon demokrat la nan Filadèlfi. Kaptenn Khan te mouri viktim ekspozyon yon bonm suisid an 2004.

Misye Pence te prese lanse kout boulèt wouj sou Prezidan Barack Obama ak kandida a la prezidans pati demokrat la, Hillary Clinton, poutèt "yo te pran dezisyon ki lage Lèzetazini nan gwo dezas, paske desizyon sa yo pèmèt Gwoup Eta Islamik la ap domine yon Mwayen Oryan ki te gen stabilite.” Nouvèl la raple ann 2002 Misye Pense ak Madanm Clinton te 2 senatè ki tap sèvi nan Kongrè ameriken an e yo tou lè 2 te vote pou otorize lagè Irak la. Nan epòk la Prezidan Obama te toujou yon senatè nan Eta Ilinwa.

XS
SM
MD
LG