Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl –Sondaj Defavorab pou 2 Kandida ki Devan nan kous la.


Ozetazini, dapre yon nouvo sondaj ki parèt lendi 11 avril 2016 la, plis ameriken di definitivman yo ta vote oubyen yo ta anvizaje vote pou kandida demokrat Bernie Sander pase nenpòt ki lòt kandida ki rete nan kous prezidansyèl 2016 la

Nan sondaj sa a, Associated Press ak ajans GFK te kesyone mil 76 moun ant 31 Mas ak 4 Avril 2016 la. 21 pou san reponn san di pètèt yo ta vote pou Sanders e 41 pou san di yo kapab anvizaje vote pou li (swa, yon chif konbine 62 pou san). Ansyen Sekrete Deta Hillary Clinton --ki devan Sanders nan kous demokrat la-- vini an dezyèm pozisyon avek yon chif konbine 50 pou san.

Bò kote Repibliken an, Ted Cruz ak John Kesick, yo chak jwenn 43 pou san, tandiske kandida ki devan nan kous la, Donald Trump, ranpòte 35 pou san.

XS
SM
MD
LG