Ozetazini, prezidan eli a, Donald Trump, lanse yon nouvo atak pòtre ak kout kanno sou Ajans Santral Ransèyman an, CIA, ki pibikye yon rapò kote li fè konnen rezilta analiz li montre Larisi sanble te eseye enfliyanse rezilta eleksyon prezidansyèl mwa novanm nan yon fason pou Moskou te ede Misye Trump ranpòte laviktwa.
Prezidan eli a poze kesyon pou l mande poukisa CIA pat pibliye rapò li a anvan dewoulman eleksyon an. Donald Trump –yon òmdafè milyonè ki fè fòtin li nan domèn imobilye a, sètadi nan tranzaksyon vann ak achte building-- fè 2 keklarasyon sou kont Twitter li kote li di :
“Si sete Hillary Clinton, kandida demokrat la, ki te ranpòte eleksyon an epi kan repibliken an te eseye jwe kat Larisi a, moun tap kouri pale de yon treyori konplo..."
Prezidan eli a ajoute :
“Si yon moun pa t kenbe swadizan pirat ki ta chache fè magouy nan eleksyon an "la main dans le sac" pandan yap poze aksyon sa a, li difisil anpil pou moun sa a rive konnen kiyès ki komèt yon zak piratri konsa. Poukisa otorite yo nan CIA pat parèt ak kat Larisi a anvan eleksyon yo? Gen konfizyon nan tèt mesye CIA yo… Si gen yon moun ki te eseye mele nan eleksyon an, pèsonn pa ka pwouve si se Larisi, si se Lachin, oubyensi se yon moun kèlkonk ki te ret kouche sou yon kanbann epi li opere. Mwen twouve pawòl sa a redikil, rizib e raz... ”
Donald Trump fini pa di li pa kwè nan sa Ajans Santral Ransèyman an di a; epi, daprè li, pa gen moun ki konnen vrèmanvre kisa k te rive.
Dènye nouvèl ki sòti Washington fè konnen komisyon sèvis sekrè tou lè 2 chanm Kongrè a lanse separeman, nan jounen lendi a, yon ankèt pou yo chache fè limyè sou akizasyon ki di Larisi ta mele nan rezilta eleksyon prezidansyèl ameriken yo dekwa pou Moksou te ranfòse chans Donald Trump pou l ranpòte laviktwa.