Accessibility links

Breaking News

Christopher Wray, Nomine pou Pòs Direktè FBI la Pwomèt Senatè yo pou l Travay pou Lajistis san Patipri


Nomine pou Pòs Direktè FBI la, Christopher Wray ki tap reponn kesyon devan Komite
Nomine pou Pòs Direktè FBI la, Christopher Wray ki tap reponn kesyon devan Komite

Chwa Prezidan Etazini Donald Trump pou dirije Biwo Federal Envestigasyon an (FBI), Christopher Wray, prèske fin asire nan palman an nan yon seyans konfimasyon kap kontinye kote Senatè yo ap poze l kesyon pou konnnen si li pap anba enfliyans politik, si yo konfime li pou pòs la.

Mesye Wray, yon avoka defans e yon ansyen responsab nan Depatman Jistis la, ap reponn kesyon manm Komisyon Lajistis nan Sena a, pami yo kesyon pou konnen si l ka travay nan tout endepans pa rapò ak Mezon Blanch.

Si Mesye Wray jwenn konfimasyon l, li ap ranplase James Comey, Prezidan Trump te revoke pandan li tap dirije yon ankèt pou konnen si Larisi te chache enfliyanse eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la.

XS
SM
MD
LG