Accessibility links

Breaking News

Chòk ant Opozisyon an ak Leta ann Iran


Iranyen yo asiste nan antèman Sanee Zhaleh, yon etidyan lapolis te tiye nan yon manifestasyon opozisyon an nan Tehran ..... 16 fevriye 2011
Iranyen yo asiste nan antèman Sanee Zhaleh, yon etidyan lapolis te tiye nan yon manifestasyon opozisyon an nan Tehran ..... 16 fevriye 2011

Nan peyi Iran, televizyon Leta a nan peyi sa a fè konnen militan opozisyon an ak moun ki fidèl ak gouvènman an tonbe nan lese-frape nan seremoni antèman yon etidyan ki te mouri nan manifestasyon anti-gouvènmantal ki dewoule semèn sa a nan kapital la, Teheran.

Daprè menm sous la, 2 gwoup rival yo fè konfwontasyon mékredi 16 fevriye 2011 la nan Fakilte dè Zar Inivèsite Teheran an, kote sèvis finèb la t ap dewoule pou etidyan an, ki te rele Sanee Zhaleh.

Opozisyon an ak gouvènman iranyen an, yo youn lanse akizasyon pou di se lòt la ki responsab lanmò etidyan an.

XS
SM
MD
LG