Accessibility links

Breaking News

Chita-Tande ant Etazini ak Kore di Nò


Stephen Bosworth
Stephen Bosworth

Lèzetazini ak Kore di Nò chita ansanm pou yon dezyèm jounen youn dèyè lòt nan chita-tande nikleyè yo k ap dewoule nan Jenèv avèk atansyon ki santre sou pwogram Iranium anrichi Pyongyang sòt revele sa pa gen lontan.

Anvwaye espesyal Etazini Stephen Bosworth deklare li pat gen espwa ni tou li pat pesimis anvan li pati pou chita-tande yo ki te kòmanse kèk èd-tan pita pase lè yo t ap atann nan. Anbasadè Bosworth te sonnen pi optimis aprè premye tranch chita-tande lit e genyen avèk vis minis afè etranjè Kore di Nò a, Kim Kye-kwan.

Li deklare tèt-a-tèt sou kondisyon pou negosyasyon entènasyonal yo rekòmanse sou pwogram nikleyè Kore di Nò a ap vanse nan yon direksyon pozitiv.

XS
SM
MD
LG