Accessibility links

Breaking News

Lachin Di li Pa Kontan Dèske yon Bato Degè Ameriken Te Rive Toupre Zile Atifisyèl li a


Zile Atifisyèl Lachin nan
Zile Atifisyèl Lachin nan

Lachin montre ke li pa satisfè ditou, apre yon bato de gè ameriken te navige toupre yon zile atifisyèl chinwa yo te fabrike nan zòn estratejik Lanmè Sid Lachin nan.

Yon pòtpawòl ministè afè etranjè Lachin fè konnen nan yon deklarasyon, USS John S. McCain te vyole lwa peyi Lachin ak lwa entènasyonal, meprize souverènte nou ak sekirite l e mete an danje sekirite pèsonèl kap defann teritwa a.

Destroyer ameriken an te rive nan distans 6 mil maren, depase Resif Mischief la, jedi 10 out 2017 la nan kad yon operasyon "libète navigasyon" nan dlo entènaysonal, pou repete yon dirijan lamarin Etazini ki pa vle non l site.

XS
SM
MD
LG