Accessibility links

Breaking News

Lachin Anvizaje Bati 'yon Peyi Sosyalis Modèn ki Chita sou yon Tan Nouvo'


Nan mitan Prezidan chinwa a, Xi Jingping.
Nan mitan Prezidan chinwa a, Xi Jingping.

Nan Lachin, Prezidan Xi Jingping pwononse yon diskou 3 zèdta edmi nan ouvèti 19èm somè politik pati kominis la òganize mèkredi 18 oktòb 2017 la, kote li fè yon evalyasyon sou defi ki anfas 2èm pi gwo ekonomi mondyal la.

Anmèmtan tou, Prezidan Xi prezante yon vizyon anbisye ki kouvri yon peryòd kap pran fen jous nan mitan 21èm syèk la: se yon vizyon pou l bati yon peyi sosyalis modèn ki chita sou yon tan nouvo.

Lidè chinwa a pale tou de yon avni ki chaje ak bèl opòtunite pou pèp chinwa a. Misye Chi mete aksan tou sou yon pati kominis solid ki pral kontinye fè peyi a avanse kòmsadwa.

XS
SM
MD
LG