Accessibility links

Breaking News

Chilyen yo Rejte Nouvo Konstitisyon Pwogresis la


Opozan nouvo konstitusyon peyi Chili bat bravo apre yo tande rezilta eleksyon an, nan Santiago, Chili, 4 Sept. 2022.
Opozan nouvo konstitusyon peyi Chili bat bravo apre yo tande rezilta eleksyon an, nan Santiago, Chili, 4 Sept. 2022.

Chilyen yo rejte avèk fos, nouvo konstitisyon pwogresis ki te sipoze ranplase chat ki ann aplikasyon depi rejim diktati Pinochet a.

Se yon gwo kou pou jèn Prezidan Gabriel Boric, ki pral oblije jwenn kèk antant epi fè yon lot pwopozisyon nan yon epok kote pi fo Chilyen di yo vle yon nouvo konstitisyon.

Maj defèt la se 24 pwen, e li mete aksan sou kijan Chilyen yo rejte yon pwojè konstitisyon ki pami chat ki pi pwogresis nan mond lan.

Anpil elektè te di li ale two lwen pou etann dwa pèp Endijèn yo, kè sote pou anviwonman an, egalite fanm ak gason epi dwa edikasyon ak swen sante.

XS
SM
MD
LG