Accessibility links

Breaking News

Chili: Depite yo Rejte yon Pwojè Lwa pou Dekriminalize Avòtman


Members of the Homosexual Liberation and Integration Movement (Movilh) hold a vigil outside the National Congress in Valparaiso, Chile, on November 30, 2021
Members of the Homosexual Liberation and Integration Movement (Movilh) hold a vigil outside the National Congress in Valparaiso, Chile, on November 30, 2021

Madi 30 Novanm, depite Chilyen yo te rejte yon pwojè lwa pou dekriminalize avòtman, sa ki lakòz li pap ka ale devan palman an.

Avèk 65 vòt kont, 62 pou ak yon sèl abstansyon, chanm bas la rejte tèks lwa "ki dekriminalize avòtman (...) jiska 14 semèn gwosès".

Maite Orsini, ki se yon depute de gòch deklare "Nou pral prezante ( pwopozisyon lwa) ankò e ankò; nap pèdi otan ke sa nesesè jiskake yo dakò rann avòtman legal ak gratis pou tout fanm nan peyi a".

Palmantè yo te kòmanse deba sou sou pwojè lwa a nan mwa janvye a. Lwa a te depoze an 2018 pa opozisyon de goch la pou te evite santans prizon - de twa a senk ane - pou fanm ki ta chwazi pou fè yon avòtman.

28 septanm, depite chilyen yo te apwouve tèks la "an jeneral" ki te pèmèt ouvèti deba yo. Apre tèks la te retounen nan komisyon an pou yo te adapte li ak kek lot lwa pou yo ka enkli moun transganr yo, ki vle chanje ògàn jenital yo.

Lwa a te tounen nan la Chanm, e depite yo te fè deba sou pwopozisyon an pandan de jou anvan vòt madi 30 novanm 2021 an .

Jiska 2017, Chili te youn nan ra peyi ki pat pèmèt avòtman nan kelkeswa kondisyon an, dapre yon lwa ki te pase sou prezidan Augusto Pinochet (1973-1990). Sou presyon mouvman feminis yo nan peyi a, yo te finalman vote yon tèks ki pèmèt avòtman nan ka kote gen danje pou lavi manman an, timoun nan oswa si yo fè kadejak sou manman an.

Nan Amerik Latin nan, Avòtman legal nan peyi tankou Irigwe, Kiba, Ajantin, ak twa eta nan peyi Meksik.

Avòtman totalman entèdi nan peyi tankou El Salvador, Ondiras, Nikaragwa, Repiblik Dominikèn ak Ayiti.

Nan lòt peyi Amerik Latin yo, yo dakò avòtman, men se sèlman nan ka kote lavi fanm nan an danje ou byen gen vyòl.

XS
SM
MD
LG