Accessibility links

Breaking News

Chili ap Jere Migrasyon Ayisyen Kap Antre pa Bann e pa Pakèt nan Peyi a


Entèvyou ak Minis Afè Etranjè Chili a
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:28 0:00

Pami Minis Afè Etranjè peyi sou kontinan ameriken an ki te prezan nan Washington, DC, nan kòmansman semèn nan, pou asiste ouvèti 48èm sesyon òdinè Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), te genyen chèf diplomasi peyi Chili a, Misye Roberto Ampuero. Nan yon rankont ak kolaboratris nou, Lina Correa, jounalis Sèvis Espayòl Lavwadlamerik la, chanselye Ampuero te aksepte reponn kèk kesyon sou sitiyasyon plizyè Ayisyen ki ale o Chili ak viza touris e ki rete pou chache travay nan peyi a. Men yon rezime kesyon-repons yo kote Chanselye Ampuero bay detay sou chanjman ki fèt pou jere sitiyasyon sa a e sou kondisyon ki poze pou yon sitwayen ayisyen al travay nan Chili.

L. CORREA: Kesyon sou fason peyi Chili ap jere fenomèn imigrasyon kote anpil sitwayen ayisyen ap debake nan peyi a avèk viza touris depi kèk ane deja epi yo rete. Kouman gouvènman chilyen an ap regle sitiyasyon sa a.

Lina Correa, jounalis Sèvis Espayòl Lavwadlamerik la.
Lina Correa, jounalis Sèvis Espayòl Lavwadlamerik la.

REP: CHANSELYE AMPUERO: Depi 14 avril, tout moun ki antre nan peyi a e ki ta renmen rete travay, gen yon tan pou yo chache regilarize sitiyasyon yo. Se règleman sa a ki toujou an vigè jiskaprezan.Yon bagay ki trèz enpòtan pou nou, se diyite. Natirelman, pa gen yon peyi sou latè, kèlkeswa peyi a, ki kapab jere yon sitiyasyon kote pòt li ta toujou rete ouvè pou tout moun ki ta renmen antre. Fòk moun yo jwenn yon travay pou yo fè, fòk yo kapab viv nan tout diyite.

Kounye a, gen yon kesyon ki trè zenpotan. Sou 120 mil ayisyen ki te antre nan peyi ane pase, se 4 mil sèlman ki retounen. Pa gen posiblite ilimite pou tout moun antre.

please wait

No media source currently available

0:00 0:02:15 0:00

L. CORREA: Eske sa vle di yon ayisyen ki rive o Chli avek viza, kapab jwenn travay, kapab rete nan peyi a pou l travay.

CHANSELYE AMPUERO: Non. Jiskaprezan Chili rete yon peyi ouvè. Sa vle di, pou moun ki vle travay o Chili, reyalite a kouyela a sè ke yo dwe resevwa yon viza pou sa depi nan peyi yo, depi nan konsila chilyen an. Donk, tout moun ki ann Ayiti, ki ta renmen jwenn travay, epi eksplore posiblite ki genyen, yo tout dwe jwenn yon viza pou sa nan konsila nou ann Ayiti, konsila nou nan Pòtoprens. Men, yo dwe deklare entansyon yo davans pou yo kapab jwenn viza sa a.

XS
SM
MD
LG