Yon sòlda ameriken ki te swadizan ouvè koutzam sou plizyè moun nan Afganistan, pran avyon epi kite tèritwa afgan an pou yon lòt peyi. Yon otorite ameriken wo-plase (nouvèl yo pa idantifye otorite sa a) fè konnen sòlda a pran avyon mèkredi 14 mas 2012 la pou peyi Kowet kote lame amerikèn posede anpil sant penitansye. Yon pòtpawòl Pentagòn nan (kidonk depatman Defans Lèzetazini an), John Kerby --ki se yon kaptenn nan lamarinn de gè peyi a-- deklare yo fè sòlda a kite Afganistan pou sekirite li e pou fè l pi fasil pou anketè yo pran kontak avèk misye. Daprè kaptann Kerby toujou, le fèt ke yo transfere sòlda a nan yon lòt peyi pa vle di li pa pral jije nan Afganistan, jan anpil afgan ap mande sa a.
Bò kote pa l, minis defans ameriken an, Leon Panetta, ki t ap vizite pati sid Afganistan mèkredi, pale pou l di zak vyolans ki ogmante nan peyi sa a --san bliye atak sòlda ameriken an lanse a-- pa pral anpeche Lèzetazini ranpli misyon l nan peyi azyatik la. Misye Panetta kontinye pou l di aksyon solda a poze a se yon ensidan ki deranje lespri moun, se vre; men sa pa koresponn ditou ak konpòtman jeneral manm fòs l OTAN yo nan Afganistan. Minis Panetta di :
“Okenn aspè nan aksyon sa yo pa reflete konpòtman majorite twoup entènasyonal ki nan Afganistsan yo, ni konpòtman sòlda afgan yo; y ap fè efò chak jou pou yo eseye pwoteje peyi sa a; e y ap fè travay sa a yon fason ki montre anpil kouraj ak anpil bòn dispozisyon.”
Nan moman Misye Panetta t ap debake nan Afganistan mèkredi, otorite yo te fè konnen yon sitwayen afgan te vòlè yon machin epi li fonse avèk li sou yon pis aviyasyon kote li fè aksidan; machin nan pran dife. Sispèk la, ki te sòti nan machin nan avèk dife sou tout kò li, fin pa mouri anba blese li resevwa nan aksidan sa a.