Accessibility links

Breaking News

Chanm Bas Etazini an ap Vote sou Patisipasyon Lame Amerikèn nan Operasyon l’OTAN nan Libi


John Boehner ak Nancy Pelosi
John Boehner ak Nancy Pelosi

Prezidan Chanm dè Reprezantan Lèzetazini an, John Boehner, fè konnen palmantè ameriken yo pral vote vandredi 24 jen an sou yon rezolisyon ki mande koupe finansman aktivite aparèy ameriken telegide k ap patisipe nan atak ayeryen l’OTAN ap lanse nan Libi yo.

Misye Boehner, ki abòde dosye a jedi, deklare rezolisyon an mache ak yon lòd pou Lèzetazini wete tout twoup militè k ap patisipe nan operasyon yo, eksepte sòlda ki enplike nan aktivite ki pa gen okenn rapò ak konba.

Si rezolisyon an pase, l ap pèmèt lame amerikèn kontinye patisipe nan operasyon fouy, nan efò sekou, rechèch enfòmasyon sekrè, siveyans, operasyon pou replen tank avyon ak kamyon militè, plis lòt kalte misyon d apui.

XS
SM
MD
LG