Accessibility links

Breaking News

Carlos Santana Anile Konsè li yo Pou Rezon Sante


Foto Achiv: Carlos Santana pandan Festival Mizik BottleRock la nan Napa, Kalifoni, 26 Me, 2019.
Foto Achiv: Carlos Santana pandan Festival Mizik BottleRock la nan Napa, Kalifoni, 26 Me, 2019.

Carlos Santana anile 6 konsè li te sipoze bay apre li te pèdi konesans pandan yon konsè Madi pase a, 5 Jiyè. Dapre nouvèl yo misye deside rale ko li pwovizwaman kom mezi prekosyon.

Konsè Santana te sipoze bay nan mwad Jiyè a nan Indiana, Ohio, Wisconsin, Arkansas, ak Texas ranvwaye dapre Michael Vrionis, ki se manadjè Santana.

"Calos anfom e li paka tann pou'l remonte sou sèn nan. Li senpman bezwen repo," Vrionnis deklare. "Dokè yo rekomande pou Misye Santana repoze pou'l ka reprann ni konplètman.

Live Nation ki oganize konsè yo pral anonse nouvo dat yo. Tout konsè ki te planifye apati 23 Jiyè nan Paso Robles, Kalifoni jiska fen ane 2022 a toujou konfime e Santana gen entansyon prezante yo.

Madi pase a, gitaris lejandè a te oblije al lopital akoz li tap soufri ak dezidratasyon nan gwo chalè a ki te lakoz li endispoze pandan yon pèfomans nan Clarkston, yon vil ki pa lwen ak Detroit, eta Michigan.

XS
SM
MD
LG