Accessibility links

Breaking News

39èm Konferans Chèf Deta ak Gouvènman Peyi Manm CARICOM yo Ap Dewoule nan Jamayik


Chèf Deta ak Gouvènman Peyi Manm CARICOM yoki tap patisipe nan yon somè nan Brezil 26 avril 2010. Foto: REUTERS/Jose Varella
Chèf Deta ak Gouvènman Peyi Manm CARICOM yoki tap patisipe nan yon somè nan Brezil 26 avril 2010. Foto: REUTERS/Jose Varella

Chèf deta ak chèf gouvènman peyi manm Mache Komen Karayib yo CARICOM ap òganize 39èm asanble l ak patisipasyon nouvo prezidan òganis ekonomik rejyonal la Premye Minis Jamayik la Andrew Holness ki ranplase Prezidan Jovenel Moise depi 1Jiyè 2018 ki li menm te pase 6 mwa kòm alatèt òganizasyon an.

39èm asanbel òdinè chmf gouvènman peyi Karayib yo pral dewoule nan Montego Bay Convention Center, Montego Bay, Jamayik soti mèkredi 4 pou rive 6 jiyè 2018 sou lobedyans Premye minis jamayyiken an.

Seremoni an ap kò,amse a 4trè nan apre midi (lè peyi Jamayik). Nan konferans lan , yo pral prezante nouvo manm òganizasyon an tankou: Premye minis Barbados la Mia Mottley, ki te reeli apre li te fin pote viktwa nan eleksyon jeneral ki te dewoule alkay li.24 me pase a.

Yo pral swete byenvini ak Premye Minis Lagrenad la, Keith Mitchell ak Gaston Browne, premye minis Antigwa a.

Pami tèm ki pral debat nan 39èm konferans CARICOM nan nan Jamayik genyen: dosye krim ak sekirite nan rejyon an, angourajman pou devlopman jewo-politk ki kapab debouche sou pwosperite nan rejyon an, ak desizyon pou mete sou pye mache inik ak ekonomi CARICOM nan.

CARICOM gen 15 peyi manm pami yo nou jwenn: Antigwa-e Babouda, Bahamans, Barbade, Belize, Dominique, Guyan, Grenad, Ayiti, Jamayik, Montserrat, Sen-Kitts-e-Nevis, Sent-Lisi Sen-vensan-Grenatin, Sirinam, Trinidad-Tobego ak 5 manm asosye tankou: Anguilla, Bermudes, Il Vyèj britanik, Il Kayiman, Zil-tiz e Caiquies

XS
SM
MD
LG