Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Kanadyen an Deplwaye Lame pou Ede Kontwole Flo Imigran Kap Soti Etazini yo


تجمع مرغ<i>&zwnj;</i>&zwnj;های آتشین یا فلامینگوها در جهیل بوگاریای کنیا<br />
&nbsp;
تجمع مرغ<i>&zwnj;</i>&zwnj;های آتشین یا فلامینگوها در جهیل بوگاریای کنیا<br /> &nbsp;

Kantite imigran ki soti Etazini yo kontinye ogmante chak jou piplis sou fwontyè Kanada kote gouvènman kanadyen an oblije deplwaye militè ak plis polis nan zòn Lakòl epi monte tant yon fason pou kreye plas pou mete refijye sa yo.

Nan emisyon Dyaloge ak Etazini pou mèkredi 9 out 2017 la, avoka imigrasyon Jean Ernest Pierre deklare li tap 'malonèt' anpil pou l ta di imigran ayisyen kap viv Etazini ak lòt kote nan mond la degaje yo antre o Kanada paske sèvis imigrasyon ap bay rezidans.

Dapre Mèt Pierre, sitiyasyon an pi konplike ke jan moun yo konprann li an. Pou avoka imigrasyon an, imigran ki soti Etazini yo e kap mande azil o Kanada yo pa gen stati refijye politik.

Mèt Pierre ajoute, " Moratwa gouvènman kanadyen an te bay pou imigran ayisyen yon fason pou pa aplike lwa imigrasyon kont yo menm kan yo ta nan sityasyon iregilye nan peyi a pa anvigè ankò."

Avoka imigrasyon an dekonseye imigran yo koute raketè kap di yo Kanada ap bay ayisyen rezidans.

Jounalis Reymond Laurent, ki te di Lavwadlamerik gen 2 minis gouvènman ayisyen an kap vizite Kanada nan sikonstans la, di li pa kwè otorite yo ann Ayiti gen volonte pou ede konpatriyòt nou yo. Dapre Mesye Laurent, se plis Show off--fè wè responsab sa yo vin fè o Kanada.

Jounalis la fè konnen tou, gouvènman kanadyen an anplwaye yon seri òganizasyon pou ede imigran ki soti Etazini yo pou ranpli fòmilè imigrasyon san yo pa bezyen al peye avoka byen chè. Mezon Dayiti o Kanada ki gen alatèt li Marjorie Villefranche se youn nan òganizasyon sa yo.

Marie Michelle Jean ak mari li ki se 2 refijye kap chache azil o Kanada, e ki tap patisipe nan emisyon Dyaloge ak Etazini mèkredi 9 out la fè konnen yo gen 3 zan depi yo tap viv Ozetazini kote sèvis imigrasyon te ba yo otorizasyon pou yo rete nan peyi a tanporèman, men yo pat janm gen pèmi pou yo travay, e sa te lakonz yo pat gen mwayen pou peye yon avoka imigrasyon pou defann koz yo.

XS
SM
MD
LG