Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Kanada: Mesaj Premye Minis Kanadyen an, Justin Trudeau, pou Imigran Kap Mande Azil yo


Deklarasyon Premye Minis Kanadyen an Konsènan Moun Kap Mande Azil yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:50 0:00

Premye Minis Kanadyen an, Justin Trudeau, di li pap nan avantaj yon moun pou l antre Kanada Ilegalman. Premye Minis Justin Trudeau kontinye pou l di:

“Mwen fèk sot rankontre ak responsab fòs entè-gouvènmantal ki te fòme pou fè fas ak plizyè imigran ki sou fwontyè a kap mande azil o Kanada yo. Mwen vle di ankò janm te di l avan an: Kanada se yon peyi ki ouvè pòt ak tout moun. Paske sitwayen kanadyen yo gen konfyans e yo kwè nan sistèm lwa sou imigrasyon nou yo, e nou se yon peyi ki baze sou lalwa.

Premye Minis la kontinye pou l di: "Li pap nan avantaj ou si ou chazi pou w antre o Kanada ilegalman. Ou dwe fè sa lalwa di, e nou plen ak lwa nan peyi nou. Premye djòb nou se pwoteje sitwayen kanadyen yo. E nou pral ranfòse lwa sa yo yon fason pou asire nou, kominote nou yo an sekirite. Jan mwen di sa la a, nou deja pran plizyè mezi nan tout nivo nan gouvènman an pou yo panche sou sitiyasyon imigran kap mande azil yo."

Se te yon mesaj an Anglè men Lavadlamerik tradui li an Kreyòl, ke Premye minis Kanadyen an, Justin Trudeau, te fè nan laprès sou dosye imigran kap debake pa ban e pa pakèt sou fwontyè Kanada e kap mande azil yo. Majorite nan imigran sa yo se moun kap kouri kite Etazini paske yon gen dout administrasyon Prezidan Trump la ki deja anonse ranfòsman lwa imigrasyon yo, pral pwolonje Estati Tanporè a TPS yon lòt fwa ankò pou yo.

Majorite nan imigran sa yo se ayisyen ak TPS. Minis Sekirite teritoryal Amariken an, John Kelly ki kounye a ranpli wòl Chèf kabinnè laprezidans, tap vizite Ayiti mwa pase yo kote li te di laprès Imigrasyon ameriken gen pou etidye si sa ap nesesè pou repwonloje TPS la pou imigran ayisyen yo apre mwa janvye 2018 la.

XS
SM
MD
LG