Accessibility links

Breaking News

Kanada-Ayiti: Minis Afè Etranjè Gouvènman Lafontant an Pale ak Lavwadlamerik sou Sitiyasyon Imigran Ayisyen yo


Imigran ayisyen ki soti Etazini yo kap mande azil o Kanada nan moman yo te rive devan polisye kanadyen yo. 7 out 2017. Foto: REUTERS/Christinne Muschi.
Imigran ayisyen ki soti Etazini yo kap mande azil o Kanada nan moman yo te rive devan polisye kanadyen yo. 7 out 2017. Foto: REUTERS/Christinne Muschi.

Polisye Wayal Monte Kanadyen yo kouvri yon kanal bò fowntyè a yon fason pou moun kap kouri travèse ilegalman soti nan pati nò New York antre Kebèk yo pa tonbe la dan. Gouvènman Kanadyen an kòmanse monte tant epi anplwaye moun pou ede transpòte ak distribye manje bay nouvo imigran sa yo kap antre nan peyi a. Malgre bèl jès byenvini sa yo, imigran ayisyen kap chache azil ak avoka yo fè konnen yo poko santi yo vrèman alèz.

Pandanstan, plizyè milye imigran ayisyen kontinye ak kouri kite Etazini ak Brezil chak jou pou antre Kanada. Minis ayisyen kap viv aletranje yo, Stephanie Auguste, ak minis afè etranjè, Antonio Rodrigue, ki sou demand prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse te fè yon vizit evaliyasyon 2 jou soti 8 rive 9 out 2017 la nan Monreyal.

2 minis yo te rankontre otorite lokal yo ak reprezantan plizyè oganizasyon sou dosye konpatryòt imigran yo. Minis Afè Etranjè Ayiti a, Antonio Rodrigue bay Lavwadlamerik yon kontrandi sou rankont li yo ak otorite kanadyèn yo.

Minis Antonio Rodrigue te pale nan mikwo jounalis VOA Jean-Pierre Leroy.

Klike sou lyen odyo a pou w tande Ente1vyou a.

Antonio Rodrigue
please wait

No media source currently available

0:00 0:21:23 0:00

XS
SM
MD
LG