Accessibility links

Breaking News

“Brexit” Triyonfe: Britanik yo Vote pou Peyi yo Kite Inyon Ewòp la


God Save the Brexit = "Ke Bondye Sove Separasyon an". Se Tit yon nouvo woman ekriven britanik Stephen Clarke.
God Save the Brexit = "Ke Bondye Sove Separasyon an". Se Tit yon nouvo woman ekriven britanik Stephen Clarke.

Nan La Grand Bretay, pèp la vote pou peyi a kite Inyon Ewòp la. Preske tout chèn televizyon britaniik yo (BBC, ITV, Sky News, elatriye) anonse se pati ki anfavè "exit la" --kidonk, ki apiye lide separasyon an- ki ranpòte laviktwa avèk 52 pousan vwa yo. Premye Minis britanik la, David Cameron, deja anonse lap kite pouvwa a anvan mwa d'oktòb kap vini la a. Misye Cameron deklare:

Premye Minis britanik la, David Cameron, aprè anons viktwa "Brexit" la, swa separasyon La Grand Bretay ak Inyon Ewòp la. Li deja anonse lap kite pouvwa a.
Premye Minis britanik la, David Cameron, aprè anons viktwa "Brexit" la, swa separasyon La Grand Bretay ak Inyon Ewòp la. Li deja anonse lap kite pouvwa a.

“ Negosyasyon nou pral fè ak nouvo Inyon Ewòp la ap genyen pou kòmanse ak yon nouvo Premye Minis.”

Sitwayen britanik yo te sòti al vote pa bann a pa pakèt. Kesyon ki te motive yo plis se –antwòt- imigrasyon, souverènte, sekirite ak avni ekonomik La Grand Bretay, daprè komisyon elektoral La Grand Bretay la. Nigel Farage, lidè mouvman “leave” la --sètadi, kouran politik ki mande separasyon an-- pran lapawòl pou l di :

Nigel Farage, lidè Pati Endepandans Wayòm Ini an ki apiye Brexit la, pandan li tap pale ak laprès nan vil Lond nan kòmansman jounen vandredi 24 jen 2016 la.
Nigel Farage, lidè Pati Endepandans Wayòm Ini an ki apiye Brexit la, pandan li tap pale ak laprès nan vil Lond nan kòmansman jounen vandredi 24 jen 2016 la.

“Jounen referandòm sa a, jounen jedi 23 jen 2016 la, se jounen nouvèl endepandans La Grand Bretay."

Donald Tusk, prezidan Konsèy Ewopeyen an, deklare Inyon an pral rete fò, li pral rete djanm, malgre desizyon La Grand Bretay pran pou l fè bann a-pa. Donald Tusk di:

“Jounen jodi a, nan non tou lè 27 lidè nou yo, nou kapab deklare nou gen fèm dispozisyon pou n konsève inite nou antan ke yon inyon ki gen 27 manm.”

Prezidan Konsèy Ewopeyen an, Donald Tusk, nan kòmansman yon konferans pou laprès nan lokal konsèy la nan vil Briksèl jedi 24 jen 2016 la.
Prezidan Konsèy Ewopeyen an, Donald Tusk, nan kòmansman yon konferans pou laprès nan lokal konsèy la nan vil Briksèl jedi 24 jen 2016 la.

Misye Tusk kontinye pou l di “desizyon La Grand Bretay pran an ap genyen konsekans e m pa kwè lòt peyi yo ann Ewòp ap jwenn ankourajman pou yo monte sou wout danjere sa a." An Frans, minis afè etranjè a, Jean-Marc Eyrault, pibliye yon mesaj sou kont Twitter kote li di “Nou pa kontan ak vòt sa a ditou, e se yon jounen tris pou La Grand Bretay."

XS
SM
MD
LG