Accessibility links

Breaking News

Etazini: Yon Dife Sovaj nan yon Forè nan Kalifòni Fòse Plizyè Moun Kite Kay yo


Dife ki eklate nan forè nan Kalifòni ki rive jis bò lari a. Foto: 6 desanm 2017. ( Foto: AP/ Noah Berger)
Dife ki eklate nan forè nan Kalifòni ki rive jis bò lari a. Foto: 6 desanm 2017. ( Foto: AP/ Noah Berger)

Nan pati sid Eta Kaliforni, isit Ozetazini, otorite yo lanse avètisman jedi 7 desanm 2017 la pou di dife sovaj ki pran anpil kote pral kreye kèk kondisyon difisil pou popilasyon an.

Yon lè sèk gwo van kreye, pral konplike efò kap fèt pou konbat anpil dife forè ki pete semèn sa a nan eta Kalifòni. Direktè jeneral biwo ponpye eta a, Ken Pimlott, deklare:

"Kite m pale klè pou m di pa gen okenn kantite resous ou materyèl ki kapab jere kalite sitiyasyon dife sa a nou gen devan nou la.

XS
SM
MD
LG