Accessibility links

Breaking News

Antèman Ansyen Prezidan Ameriken, George H.W. Bush, ap chante nan vil Houston, Eta Tegzas.


8 manm yon gad d'onè ki te genyen ladan n reprezantan tout branch fòzame Lèzetazini yo, te transpòte sèkèy defen Prezidan George H.W, Bush nan fen jounen mèkredi 5 des. 2018 la pou antre avèk li nan Legliz Episkopal St. Martin nan Houston. (Foto: David J. Phillip/REUTERS).
8 manm yon gad d'onè ki te genyen ladan n reprezantan tout branch fòzame Lèzetazini yo, te transpòte sèkèy defen Prezidan George H.W, Bush nan fen jounen mèkredi 5 des. 2018 la pou antre avèk li nan Legliz Episkopal St. Martin nan Houston. (Foto: David J. Phillip/REUTERS).

Pitit gason George H.W. Bush, 43èm lidè ameriken George W. Bush, prezante yon orezon finèb kote li deklare: “Li te fè nou konsidere sèvis piblik kòm yon bagay ki nòb e ki nesesè. Li te gen yon kapasite ekstrawòdinè pou l mete tèt li o-sèvis konpatriyòt li yo.”

Fanmi George Herbert Walker Bush ap di li orevwa pou la dènye fwa nan yon sèvis finèb prive k ap dewoule nan premye pati jounen jedi 6 desanm 2018 la nan vil natal li, Houston, Eta Tegzas.

Yon avyon, ki te gen sèkèy defen prezidan an a bò l, te kite Washington nan kòmansman apre-midi mèkredi 5 desanm nan pou l transpòte li nan vil Houston kote antèman an ap chante. Yo te ekpoze kadav la nan Legliz Episkopal St. Martin pandan tout nuit la pou piblik la te ka vin prezante kondoleyans yo pou yon dènye fwa. Pandan tout ekspozisyon an, yon drapo ameriken te vlope sèkèy la.

5 prezidan (ansyen ak prezan) te reyini nan Katedral Nasyonal Washington nan nan matine jounen mèkredi a pou yo te asiste antèman d’eta Misye Bush Père la ki te mouri vandredi 30 novanm nan; li te gen 94 zan. Nan orezon finèb pitit gason li, George W. Bush, pwononse nan sikonstans la, li deklare:

“Li te fè nou konsidere sèvis piblik kòm yon bagay ki nòb e ki nesesè. Li te gen yon kapasite ekstrawòdinè pou l mete tèt li o-sèvis konpatriyòt li.”

3 nan oratè ki pran lapawòl nan seremoni finèb k ap dewoule nan vil Houston nan moman n ap ekri la a (li fè 11:30 AM, lè Washington) se James Baker, ansyen sekretè Deta sou administrasyon George H.W. Bush la, George P. Bush, pitit-pitit gason defen prezidan an, ak Leblond Sosa, pitit-pitit fi defen lidè a.

Aprè sèvis relijye prive sa a, yon tren yo prepare espesyalman pou okazyon an pral transpòte sekèy la nan vil College Station, sou yon distans120 kilomèt o-nò Houston, kote yo pral antere 41èm prezidan ameriken an nan yon bibliyotèk ki pote non li sou kanpis Inivèsite Texas A&M. Yo pral antere George H.W. Bush tou prè tonbo madanm li, Barbara, ki te pase 73 zan marye avèk li e ki te mouri pi bonè nan ane 2018 la. Se konsa tou defen prezidan an pral pran dènye repo li bò kote tonbo yon pitit-fi li, Robin, ki te sikonbe anba maladi lesemi depi li te yon timoun.

XS
SM
MD
LG