Accessibility links

Breaking News

Etazini an Dèy pou Ansyen Prezidan George H. W. Bush


Sonje 41èm prezidan ameriken an, George H. W. Bush
Sonje 41èm prezidan ameriken an, George H. W. Bush

Ansyen prezidan ameriken, George H.W. Bush, kotinye resevwa onè li merite aprè lanmò li nan eta natal Tegzas, vandredi ki te 30 novanm 2018 la.

Depui, lendi 3 desanm, kadav li te ekspoze nan Kapitòl la, swa lokal Kongrè ameriken an nan Washington, nan sal Rotunda, yon sal, an won ki nan mitan espas Kongrè a.

Se la, anpil sitwayen, otorite atravè peyi a te deplase pou vin rann yon dèrnye omaj a 41èm prezidan ameriken an, George H. W. Bush, ki mouri alaj 94 zan.

Ansyen Prezidan George H. W. Bush, te pase yon sèl manda nan La Mezon Blanch. Li te prete sèrman kòm prezidan ameriken an janvye 1989 e li te kite pouvwa a an janvye 1993.

Jounen mèkredi 5 desanm 2018 la, lemond asisite ak yon antèman ofisyèl deta ansyen Prezidan George H. W. Bush nan Katedral Nasyonal Washington nan ki nan Kapital amerikèn nan.

Nan yon nòt La Mezon Blanch, ki soti samdi premye desanm pase a, Prezidan Donald Trump di, “ansyen Prezidan George H.W. Bush te genyen yon vi ki long, ki te plen ak siksè e ki te bèl.”

James Baker, ansyen Sekretè Deta ameriken sou gouvènman Bush la di, li se yon bon zanmi ansyen prezidan an depui 60 lane, e li ajoute “Li konnen Prezidan Bush kòm moun ki pi janti e pi emab nan tout vi l.”

Ansyen prezidan Bill Clinton di li menm, zanmitay li te devlope ak ansyen Prezidan Bush se youn nan pi gwo kado lavi li.” Prezidan Clinton di Prezidan Bush priyorizwe patriyotism sou patizannri, yon nonm ki te toujou wè peyi l avan tout lòt bagay.

Biwo ansyen Prezidan Barack Obama pibliye yon nòt pou laprès kote li di ansyen prezidan Obama te vizite ansyen prezidan George H. W. Bush nan Tekzas 3 jou avan lanmò a. Prezidan Obama nan nòt la di, Etazini pèdi yon patriyòt, yon nonm ki te dedye lavi li o sèvis peyi l.

Nan yon lòt nòt La Mezon Blanch, Prezidan Donald Trump pase lòd jounen mèkredi 5 desanm konside kòm yon jounen dèy nasyonal e se yon jou konje pou tout gouvènman federal ameriken an.


XS
SM
MD
LG