Accessibility links

Breaking News

Burkina Faso: Plis Pase 3,000 Lekòl Fèmen Akoz Atak Jihadis yo


Une vue aérienne prise le 16 novembre 2020 montre l'école de Koum-Lakre, située à la périphérie de Kaya, bondée de personnes déplacées à l'intérieur du pays.
Une vue aérienne prise le 16 novembre 2020 montre l'école de Koum-Lakre, située à la périphérie de Kaya, bondée de personnes déplacées à l'intérieur du pays.

Gouvènman an te anonse Mèkredi, ke plis pase 3,000 lekòl ki akeyi anviwon 511,000 elèv te fèmen pòt yo akòz vyolans jihadist nan rejyon an.

Alkassoum Maiga te di nan yon konsèy minis "Jiska dat 3,280 lekòl fèmen, sa reprezante 13,09% nan tout estrikti edikasyon nou yo nan peyi nou a".

Alkassoum te plenyen li te deklare ke "chif sa yo bay enkyetid", paske ke fèmti an afekte "511,221 elèv ak 14,901 pwofesè".

"Efò yo ap fè pou timoun yo retounen lekol", sepandan Mesye Maiga, ki se Minis Edikasyon asire popilasyon an, ke li mete aksan pou relouvri "205 établisman ki gen kapasite pou 39,200 elèv ak 1,099 pwofesè".

Dapre dènye rapò Konsèy Nasyonal pou Sekou Ijans (Conasur), nan dat 30 novanm 2021, Burkina Faso te anrejistre 1,501,775 moun ki te deplase kite espas yo te ye a, 61,48% ladan yo se timoun.

Burkina Faso ap fè fas ak atak jihadis depi 2015, an patikilye nan rejyon nò ak lès peyi, tou pre fontyè Mali ak Nijè.

Malgre operasyon kont gwoup jihadis yo, militè a ap lite pou kenbe ak vyolans ki te touye plis pase 2,000 nan sis ane ki pase yo .

XS
SM
MD
LG