Accessibility links

Breaking News

Brezil: Sispèk la Konfese li Touye Ekspè, Jounalis ki Disparèt nan Amazon nan


Lapolis federal Brezil rive sou yon pon ak kadav moun yo jwenn pandan yon fouy nan Atalaia do Norte, eta Amazonas, Brezil, Mekredi 15 Jyen 2022.
Lapolis federal Brezil rive sou yon pon ak kadav moun yo jwenn pandan yon fouy nan Atalaia do Norte, eta Amazonas, Brezil, Mekredi 15 Jyen 2022.

MANAUS, BREZIL - Yon anketè lapolis federal deklare yon sispèk konfese li tire e touye yon ekspè sou moun Endijèn ak yon jounalis nan Amazon nan e li mennen lapolis nan zon kote li antere yo.

Polisye Eduardo Alexandre Torres deklare pandan yon konferans pou laprès Mèkredi swa ke prensipal sispèk nan ka a bay detay sou sak pase mesye yo, ki te disparèt depi 5 Jyen.

Torres di sispèk la konfese li te sèvi ak yon zam a fe pou touye ekspè sou moun Endijèn yo Bruno Pereira, ki se yon Brezilyen epi jounalis Dom Phillips ki se yon Britanik.

Lapolis di yo rekipere kadav Mèkredi men yo poko idantifye yo a 100%.

XS
SM
MD
LG