Accessibility links

Breaking News

Lapolis Brezil Arete yon 2èm Sispèk nan Afè 2 Moun Ki Disparèt nan Amazòn nan


BRAZIL-MISSING-MEDIA-INDIGENOUS
BRAZIL-MISSING-MEDIA-INDIGENOUS

ATALAIA DO NORTE, Brezil - O Brezil, lapolis federal anonse madi yo arete yon 2èm sispèk nan kad ankèt y ap mennen sou disparisyon yon espesyalis endijèn ak yon jounalis britanik nan yon zòn rekile nan Forè Amazòn nan.

Sispèk la, ki rele Oseney da Costa de Oliveira, se yon pechè ki gen 41 nan. Li se frè Amarildo da Costa de Oliviera, alyas Pelado, yon lòt nèg ki gen 41 lane tou e ke lapolis konsidere kòm prensipal sispèk nan afè a.

Lapolis federal pibliye yon deklarasyon kote li fè konnen tou yo sezi minisyon ak yon zaviwon, men yo pa di poukisa yo konfiske bagay sa yo, kilès ki mèt yo, ni ki kote yo te jwenn yo.

Oseney da Costa de Oliveira, ki te pale ak Associated Press vandredi, te di ajans la li te vizite Pelado, frè l la, nan prizon e li te aprann ke lapolis te tòtire misye sou pwòp kannòt li a ke otorite yo sezi tou.

Lapolis federal pa prese reponn yon demand AP fè kote ajans la mande poukisa non Oseney da Costa de Oliviera twouve li nan deklarasyon otorite yo pibliye a, alòske se pa abitid lapolis pou l fè sa.

XS
SM
MD
LG