Accessibility links

Breaking News

Brezil: Pelé Tounen Lopital Pou Trete yon Timè


FILE - Brazilian soccer legend Pele in 2015.
FILE - Brazilian soccer legend Pele in 2015.

On etablisman medikal nan Sao Paulo, te di nan mèkredi 8 Desanm lan ke ansyen lejand Brezilyen an Pelé te retounen lopital la "poul kontinye yon tretman" pou yon timè nan kolon, Pele te pase yon mwa an septanm nan retablisman deja.

Lopital Albert-Einstein te spesifye nan bilten medikal li ke eta sante Pelé, ki gen 81 ane, te "estab" e ke li ta dwe retounen lakay li "nan jou kap vini yo".

Nan fen mwa septanm nan, lopital la te di ke chanpyon mondyal la tap fè "chimyoterapi" pou trete timè a ke yo te detekte pandan egzamen woutin.

Pele te opere 4 septanm, li te pase dis jou nan yon swen entansif, e li retounen kèk jou apre akòz li te gen difikilte pou l respire.

Sou Instagram youn nan pitit fi li yo, Flavia, te mande fanatik Pele yo rete "tet fret" e li asire yo ke se dènye vizit champyon an pou ane a.

Li te deklare "Mèsi pou lanmou tout moun ... papa m fantastik ".

Pandan li te entène lopital la, yon lòt nan pitit fi li yo, Kely Nascimento, te rasire fanatik yo ak foto ak videyo ki montre papa l, ki toujou ap souri e ki chaje ak imè malgre aparans fatig.

Pele li menm pibliye kèk mesaj sou kont rezo sosyal li dènyèman, youn nan yo te felisite Ajanten Lionel Messi sou setyèm Balon Dò a.

XS
SM
MD
LG